Fo'n Pale-Le Konpa

Genre-Konpa
Year-2013
Produced By-Ralph Menelas
Cherie we need to talk

Sa fè lontan map swiv jan ou ye
Mwen konstate ou toumante
Cherie ou chanje – ou chanje
Avan’w kondane’m di sa mwen fè w
Silans pap pote solution
Fò n pale – fòn pale

Se pa plenyen bay fanmi zanmi
Ki pral pote yon solution
Se pou n chita analize poblèm yo a de
Menm nan telefòn nou pa pale
Cherie demen nou menase
Se pa konsa de moun kap viv dwe fonksione
Mwen konsène

Le konpa
Aya

Nou paka febli aprè tout sa n pase
Mwen pa ka rekòmanse
Ou pa dwe abandone
N oblije devwale problèm ki kache
Pa kite tan pase si nou pa vle separe
Cherie kèm ap dechire

[Chorus]
Si m pa konnen sak sou kè w
Ou pa konnen sa k sou kè m
Ap toujou gen ti problèm ak sousi ki ret kache
Paske lè de moun renmen
Ke nou dwe toujou ret kontan
Se pa nan bouch vwazinaj
Pou’w konnen kem pa kontan


Yo toujou di gason pa renmen pale
Se sak fè anpil relation gache
Yo ba nou tout non pote
Jodia m mete’m bien ba pou’m sove relation sa
Rekòmanse pa fasil pou tout sa nou investi
Mpanse mpa tap fini

[Chorus]

Le konpa – depoze konpa depoze konpa
Se la la ou wè sa
Soufle
Van
Rodrigue aya pi rèd
Cherie fòn pale
Isi original Ralph Menelas
Men gadonw djaz
Cherie je t’aime
Le konpa

Gad kijan nou pa pale ankò
Cherie nou pa bay blag ankò
Dialòg pa existe ankò

Pou jan lanmou’n tap triyonfe
Pat janm panse nou tap nan position sa
Se vre mwen fèw anpil bagay ki pa sa
Fòn ka pale poun sove lanmou sa
;

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016