Konpè Sentilis-Jean Jean Roosevelt

Genre-Other
Year-2013
[I]
Se pa chita plenyen
Tout tan ap bougonnnen
San w pa janm mete men
Tout tèt mòn yo kale
Dlo nan plenn yo seche
La fanmi dlo nan je
Asosye an nou leve kanpe
Nou tout ki konsène tande
Fè konbit sekle plante wouze
Ayiti an danje

[Ref]
Woy konpè sentilis o
Kònnen lanbi rasanbleman pou yo
Manzè chalsimenn o
Ann al plante bwa nan tèt mòn yo

[II]
Se tout kote w pase
Nenpòt ti bri w tande
Se yon pye bwa ki tonbe
Ann fè yon ti kalkile
Konbyen pye bwa ou plante
Depi ou egziste
Asosye ou gen larezone
Eske ou wè se serye tande
Ann ale ann al plante lavi
Pou sa yo kap grandi adjye o

[III]
Anba lakay wowoy
Lè a rive pou n’ale nan konbit la
Anba lakay woywoy
Pran pikwa wou sèpèt ann ale
Anba lakay woywoy
Konnen lanbi poun ale nan eskwad la
Anba lakay woywoy
Fanm vanyan nèg vanyan kote n’ ye