Pito'n Pat Zanmi-Zèklè

Genre-Konpa
Year-1993
Produced By-Mushy Widmaier
[Verse 1]
Farinay lapli sou sapin Furcy
Wap mache pou ou rantre
Mwen kanpe map gade w
Brouya tap karese w
Dlo t’ap kouri nan je w
Men kisa k’ap pase w?
Vin rakonte zanmi w
Men cheve w tou mouye
Ti kòw t’ap tranble
Ou kouri vinn kenbe m
O, ou te si bèl
[Verse 2]
Zanmi w ap tande w, kite kè w pale
Byen depi nou tou piti, pawòl nou ini
Konsa l’ap rakonte m sa menaj li ap fè l pase
Yo sanlè kase, men li paka lage l
Depi l pale m de li, se nanm mwen kap soufri
Si m te nan plas li, bèl lanmou ta fleri

[Refrain]

Cheri, pa pale m’ de li
Doudou, poukisa se ou
Cheri…

[Verse 3]
Lapli finn tonbe, lanwit mete pye
Zandolit yo pran chante, li lè pou ale
Chak fwa l gen pou l’ale, se kè mape kenbe
Pou bouch mwen pa chape
Pou pawòl la pa pale
Mwen ta soulaje si m di l’
Men konsa mwen ka pedi l’
Se li k’ pi bon zanmi m
Lamitye twò frajil

[Refrain]
Cheri, pa pale m de li
Oh doudou, poukisa se ou
Oh cheri…

[Outro]
Oh, Cheri, pa pale m’ de li
Oh, doudou poukisa se ou?
Cheri, pito n’ pat zanmi
Wohooo, pito n’ pat zanmi
Wooo, cheri...