Mèsi Manman -T-Micky

Genre-Konpa
Year-2013
Produced By-Sandro Martelly
Hmmm, manmi cheri, mèsi

[Chorus]
Mèsi manman, mwen di w mèsi manman
Mèsi manman

[Verse 1]
Mèsi manman pou tou sa ou fè
Pou mwen ou se reprezantan Bondye sou latè
Mwen promèt ou ke w'ap toujou premye fi nan lavi mwen
Ou merite lesyèl pou jan w leve m, pou jan w grandi m
Jodia m'ap chante pou ou manman
Mwen remèsye Bondye pou ou manman
Jodia m'ap chante pou ou manman
Pou mwen ka eksplike w kijan m'santi m pou ou
Kijan mwen renmen ou

[Verse 2]
Ou pat janm bouke banm atansyon
Ou sakrifye w chak jou pou banmwen ledikasyon
Si jodia m'konn sa k rele lanmou se gras a ou
Ti jou sa a se pou ou
Banm ti chans sa a pou m pran swen ou
Jodia m'ap chante pou ou manman
Mwen remèsye Bondye pou ou manman
Jodia m'ap chante pou ou manman
Pou mwen ka eksplike w kijan m'santi m pou ou
Kijan mwen renmen vou

[Interlude]
Manmi cheri, m'konnen ke si tout fwa tout moun ta vire do banmwen
m'mèt konte sou ou, paske w'ap toujou avè m
Se pou sa jodia m'deside kanpe dèyè mikwo a pou m chante pou ou
Sa soti nan kè m manmi...Mèsi

[Chorus]
Mèsi manman, mwen di w mèsi manman
Mèsi manman

[Keyboard solo]

Manmi I love you
Ou konn sa deja

Ouwo ouwo, oh wo

[Verse 3]
Mwen mande Bondye konbyen l vle vann mwen planèt yo
Pou mwen sa peye w, fò m achte yo ak tout sa k ladan yo
Bondye di mwen pa gen mòd kòb sa a
Gen ti jès w'ap pi renmen ke sa
Ou paka mete pri sou lavi
Pa gen pi gwo mo pase "mèsi"

[Chorus]
Mèsi manman, mwen di w mèsi manman
Mèsi manman
Mèsi manman pou tout sa ou fè
Mèsi manman, mwen di w mèsi manman
Mèsi manman
Mèsi manman pou lavi w banmwen
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016