[Verse]
Pou m nòmal fò m santi chalè kò w ap fè dlo sot sou mwen
Si m s on sous se pou w puize m m anba je w la tanpri
Pa bezwen chèche lwen
Murmure m sa w anvi si tout fwa w wè lafòs ak dousè m reyini
Ou a la limite de tes force men nan zye w m ap gade yon dezi k enfini
[Pre-Chorus]
Paske Lanmou nou
Destine pou l donnen pi plis chak jou
Se mwen avè w pa t janm gen yo
Bliye yo bliye yo
Nou de nan mond nou oh
Bliye yo bliye yo
Se pou n sa n pral fè
[Chorus]
Dlo koule sou tout kò n
Menm si n ta pè dlo sa an nou lage kò n
Fè m konfyans baby kite
Dlo koule sou tout kò n
Menm si n ta pè dlo sa an nou lage kò n kò n
[Keyboard Solo]
[Verse]
Si w kenbe bra w
Eske tout sa mwen fè w ap toujou konprann
Met de men w anlè apiye w konn pou ou m se pa w
M vle n reveye tout demon m konnen k andan n
Tout kay la ap souke nou pran l tout kote
Oh baby w konnen mwen pap fè pa w
M ap fon ti mòde ou konn ki kote
Oh baby w konnen mwen pap fè pa w
[Chorus]
[Verse]
Ay manmi ay kite m bò kote w
S on douskivyen kenèp
Ban m an gwo an detay
Pap gen foulay ni m pap bòykote w
Seche l kou yon dry pou fè m rele ay
Ay manmi ay kite m bò kote w
S on douskivyen kenèp
Ban m an gwo an detay
Pap gen foulay ni m pap bòykote w
Aswè a se nou li ye
[Keyboard Solo]