[Verse]
Eske m ap kapab ankò ak sa m ap viv yo ko yo twòp
M pa di m pa janm antò sou wout lanmou m boule kèk stop
Men lanmou vle fini avè m yon fwa senk fwa rès yo m pa konte
Pou jan yo met kè m an myèt se vre mwen fè men la c’est assez
Te gen Rebecca lè m t ado lanmou sa pou mwen se t on kado
Li te fè m konfonn tout sa k fo ak vrè s avè l m te vle rete
Men elas
Aprè Lottinah montre m pot ko
Janmen jwenn moun vi m nan m te twò cho
Savè l ki te dou vin amè sou lèv mwen
Kounya fò m tounen a zewo
[Pre-Chorus]
Tout sa mwen bay tounen fwèt kont mwen
Dèfwa m batay pou sa rive lwen
Men manman m te toujou di mwen
Pa fòse si w wè sa pap dire
Aprann di bye yon jou l va tounen
[Chorus]
Zoukotoum tap tap
Zoukotoum tap tap
Zoukotoum oh oh oh
(4x)
[Verse]
Lòt la vini pou l mete kè m an danje malgre yo di l mwen an konje
Nan basen kè m li plonje, san gade
M sipòte tout sa li fè m ki mal oh bondye ki sa mwen fè ki mal
Se menm penpenp lan menm moun yo m pa ka ret kontan
Menm vis yo yo pa janm pran tan li fin gou aprè l degoutan
Assez, mwen mal
Poutan m konsyan rega yo lè y ap fè sanblan
Vrè vizaj yo konn fè m pantan yo konn bèl men l pa sufizan
[Pre-Chorus]
[Chorus]