[Intro]
Yon dènye fwa mwen vle wè w ankò
Yon dènye fwa m vle tande w ankò
Yon dènye fwa m vle sere w pi fò
Yon dènye fwa
[Verse]
Pou mwen di w tout sa mwen gen sou kè m
Tout mal absans ou fè m
Di w yon dènye je t’aime
Mwen just vle di w di w di w di w
Menm yon dènye fwa pap sufi
Sa m te pè di w di w di w di w
Ki nan silans mwen t ap fleri
M vle di w ke m renmen ou
Di m ke bezwen ou toujou
Di w ke m renmen w
[Verse]
Oh wi m pèdi kouraj mwen
Swete perte sa ap aprann mwen jere lòt moun ki nan antouraj mwen
M eseye ankò e ankò men m pap janm ka soulaje
Tout sa m te vle se pou ban m men fò pou m pa janm dekouraje
Pou m pa janm dekouraje
[Outro]
Kijan pou m di w pa kite m poukò m vin ban m ranfò
San ou m feel bad, back home mwen vle di w menm si n pa an akò
Viv viv viv
No no no now
Viv viv viv
No no no now