[Verse]
Sonje tou piti lèzòm te di non non Durkheim pap grandi
Lajounen m pat janm vle fini
Paske se sè l moman k te kenbe souri m
Lannwit te g on lòt sans pou mwen
Li pat pote m konsèy se plis kochma
Pafwa je m konn fòse fèmen
Twòp bagay mwen t ap wè m pat prè pou sa
[Chorus]
Oh ou ou
Anfans mwen pat fasil san ou
Oh ou ou
Anfans mwen pat fasil san ou
[Verse]
Mwen sonje m te poukò m ak yon pè entans
Chak swa s on tray sof mwen k te konn santi yon prezans
Oh oh m konn sote sou li lè l fin sekwe m pou m leve
Oh oh m konn santi zong li sou dra mwen ki ap pase
Oh oh pafwa m te vle rele men santi m t ap toufe
Oh oh pafwa m te jis ap kriye manmi papi vin vini ede m
[Chorus]
[Verse]
Lord lè w te pran m kou yon ze m te frajil
Ou kenbe menm jiskaske m fin abil
Enmi m yo kondane a legzil
Isiba oh papa wi son papa
Lè mwen nan tenèb ou k sèvi m kòm limyè
Oh papa yon bon papa
Menm si m ap dòmi m pa pè
Koz je w toujou rete klè
Depi lè w antre nan vi m m pa janm manke anyen
Tout sa ki mal yo vle fè ou swete pou mwen
Avè w tout ap rete san zefè
J’habiterai dans la maison de l’Eternel jusqu’à la fin de mes jours
Amen (4x)