Ou Kite'm Seul-Joe Dwèt File

Genre-Konpa
Year-2021
Li bezwen konnen poukisa' w ale
Joe dwèt file

Sa fè deja lontan m'toujou san repons
Repons yea
Ou esore ti kè'm tankou yon eponj
Eponj yea
Map poze tèt mwen kesyon eske'm f'on fot
F'on fot yea yea
Ou paka fè valiz ou san di yon mo
Yon mo o o o o


Ou kite'm seul cheri
San pale w'pran desizyon w'ale
Ou kite'm seu cheri
Mpa reve konprann sak pase
Poukisa'w kite'm seul cheri
Tanpri di yon mo, pale ban mwen
Kounye a m'tou seul cheri

Lè'm gade wap viv san culpabilte
Culpabilite oo wo
Mpanse ou te g'on ti kras humanite
Humanite wo wo
Dim si sa pa few anyen lew wem ap soufri
Soufri soufri
Mbezwen chanje de page, mbezwen chanje vi

Ou kite'm seul cheri
San pale w'pran desizyon w'ale
Ou kite'm seul cheri
Mpa reve konprann sak pase
Poukisa'w kite'm seul cheri
Tanpri di yon mo, pale ban mwen
Kounye a m'tou seul cheri
(Repeat)

Woy

Cheri tout enkonpreyansyon ki gen sou tè a, anvayi'm

Ou fe ti kè'm fèb, li mal, lap soufri

Ou te tout sa'm posede, tout sa'm bezwen
Jan'w lage'l la pa sympa
Si demen bondye fè nou kwaze chemen
M'pap bouje la m'pap f'on pa
Sa'w eksplike'm kisa'k fè yon jou w'ale
Jan'w lage'l la pa sympa
Fò di'm ki rezon'w genyen, m'bezwen konnen
M'pap bouje la mpap f'on pa