Eske'w Happy-J-Beatz

Genre-Konpa
Year-2021
Featuring-Misty Jean
[JBeatz]
Eske'w ka esplike'm nan ki fason nou rive la
Sa pa gen lontan mwen avè'w tankou 2 marasa
Kiyès nan nou'k la kòz paske m’pa vle di se fòt pa'w
Yon sèl bagay mwen konnen jan’w kite’m nan fè mwen mal
Sa k'ap touye’m nan, ou al jwenn yon lòt
K'ap ba'w love, love, yon love mwen ta sipoze ba'w
Sa k'ap rache’m nan, ou al jwenn yon lòt
K'ap ba'w love, love, yon love mwen ta sipoze ba'w

Eske’w happy happy happy
Eske’w happy happy happy

[Misty]
Cheri ou byen konnen nan ki fason nou rive la
Sa pa gen lontan mwen avè'w tankou 2 marasa
Ou pa bezwen vinn fè je chèch paske'w konn se fòt pa'w
La seule chose que je sais ce p'tit coup de pique te fait du mal
Sa k'ap touye'w la, mwen nan bra yon lòt
K'ap ban'm love, love, yon love ou ta sipoze ban'm
Sa k'ap rache'w la, mwen nan bra yon lòt
K'ap ban'm love, love, yon love ou ta sipoze ban'm

Yes mwen happy happy happy
Yes I'm happy happy happy

[Jbeatz]
Mwen regrèt lanmou sa, mwen regrèt li

[Misty]
Mwen konn sa'w regrèt la, mwen konnen li

[Jbeatz]
Cheri'm koube devan'w tankou timoun piti
M'pat konprann relasyon men kounyea m'vi’n grandi
Sa'k rele santiman ou paka jwe ak li
Tounen jwenn papi, pran plas ou nan vi’m
Ann fon’w ti pitit, n'ap gon’w bèl vi

Mwen te gon’w bon fanm, mwen kite'l ale
Pwochenn fwa m'ap met lanmou an premye
Mwen te gon’w bon fanm, mwen kite'l ale
Pwochenn fwa m'ap met lanmou an premye

[Misty]
Gad jan'w koube devan'm tankou timoun piti
M'te di'w m'gen santiman, lè sa se ri'w t'ap ri'm
Lè'm te vle atansyon'w, fokis ou te lòt fi
Mwen konnen sa di, I'm sorry papi
Kounyea m'gon vre king, l'ap ban'm yon pitit

Ou te g'on bon fanm, ou kite'l ale
Pwochenn fwa w'a met lanmou an premye
Ou te g'on bon fanm, ou kite'l ale
Pwochenn fwa w'a met lanmou an premye

Gad'on kout pik
Gad grosè on kout pik

[Jbeatz]
Eske’w happy happy ak li

[Misty]
Yes I’m happy happy happy
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016