Avanture-J-Beatz

Genre-Konpa
Year-2020
Featuring-Nickenson Prud'homme
[Verse 1: JBeatz]
Ou te klè avèk mwen
M’te chwazi foure tèt mwen
Ou te di’m ou g’on moun nan vi’w deja
Ou pap janm kite’l
Kwak sa m’te aksepte
M’te kite lanmou pouse’m (pouse’m)
Fè yon bagay si mal
Menm lasosyete pap padone’m

[Pre-Chorus]
Ou fè’m viv yon lòt jan
Ranpli’m ak kontantman
Nouri tout santiman'm vre
Fè’m bliye tout sa’m t’ap andire vre
Ou fè’m viv yon lòt jan
Ranpli’m ak kontantman
Nouri tout santiman'm vre
Ou fè’m bliye tèt mwen

[Chorus]
Avanture
(Nou t’ap avanture)
Nan avanture
(Baby de pye’m mare)
Nan avanture
(Mwen nan yon kòd mwen pandye)
Nan avanture
(Mwen tonbe please ranmase’m)

[Verse 2: Nicky]
Mwen konnen’l remmen ou
Men mwen renmen’w plis pase’l
Pou jan m’gentan damou'w
Yo mèt ban’m milyon m’pap ka kite’w
Kè mwen gentan aksepte’w
Menm si m’konnen'w angaje (w'angaje)
Pou jan m'konnen m’jalou
Mwen reziye’m, m’pa may pataje’w

[Pre-Chorus]
Ou fè’m viv yon lòt jan
Ranpli’m ak kontantman
Nouri tout santiman'm vre
Fè’m bliye tout sa’m t’ap andire vre
Ou fè’m viv yon lòt jan
Ranpli’m ak kontantman
Nouri tout santiman'm vre
Ou fè’m bliye tèt mwen

[Chorus]
Avanture
(Nan avanture)
Nan avanture
(Hmm de pye’m mare)
Nan avanture
(Mwen nan yon kòd mwen pandye)
Nan avanture
(Mwen tonbe please ranmase’m)

[Bridge: Jbeatz]
(Avanture)
Fè'm dekouvri g'on lòt vi k'egziste
(Avanture)
Modèl lanmou sa jis pi fò pase'm

[Bridge: Nicky]
(Avanture)
Lè mwen avè'w lemond pa egziste
(Avanture)
Ou eksite'm bebi m'tonbe, cheri m'tonbe

[Chorus]
Se avanture
[Jbeatz] (Nou tap avanture)
Nan avanture
[Nicky] (De pye’m mare)
Nan avanture
[Jbeatz] (Mwen nan yon kòd mwen pandye)
Nan avanture
[Nicky] (Mwen tonbe please ranmase’m)
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016