Kounye A-Mass Konpa

Genre-Konpa
Year-2020
[Verse 1]
Jan m santi a gon fòs k ap goumen ak feblès mwen
Yon chay ki sot sou tèt ki tonbe sou zepòl mwen
M santi pran yon kou pèsòn pa konn doulè mwen
Se tankou yon kouto ou pran w ap pike kè mwen
Cheri m pap ba w manti ou kraze tout pwojè mwen
Se paske w nan vi mwen ke te fè bonè m
Avè w mwen te santi m ere kounya mwen malere
Ou fin fè m kwè ke ou renmen m w ale

[Chorus]
Kounye a, kounye a kisa mwen pral fè
Kounye a, kounye a kiyès k ap avè m
Kounye a, kounye a ou pap la pou mwen
Kounye a poukont mwen
Kounye a

[Verse 2]
Ou fin fè m renmen w, fè m panse m genyen w
Ou fè m kwè nan paradi lanmou an se mwen k ap mennen m
Ou fè mwen pèdi tan mwen ou jwe ak santiman mwen
Chak fwa m imajine ke w pa nan vi m ou gate san mwen
Mwen santi m vle fou lè m gade sou kabann nan w pa la
Pran m pou egare, w pran m pou bègwè ou pran m pou kana
Ou ale san ou pa ban m rezon di m sa m fè w la m mande w padon
M pral wont lè moun mande m pou ou pou m di ou pa la

[Chorus]
Kounye a, kounye a kisa mwen pral fè
Kounye a, kounye a kiyès k ap avè m
Kounye a, kounye a ou pap la pou mwen
Kounye a poukont mwen
Kounye a

[Keyboard Solo]
Mass Konpa
Baby Jo
Ton Gra
Wòch la woule sou kè w
Ou konnen m jèn
Fò w gen kè

Li kite mwen ak dlo nan je – kounye a
M santi lavi m ap chavire – kounye a
Bondye se pa sa m merite – kounye a
Cheri m mande w pitye – kounye a

Baby w lage m de bra pandye – kounye a
M pa ka dòmi m pa ka manje – kounye a
Ou pa konn jan sa domine m – kounye a
Pito w te just ban m pinisyon pou w korije m

Li kite mwen ak dlo nan je – kounye a
M santi lavi m ap chavire – kounye a
Bondye se pa sa m merite – kounye a
Cheri m mande w pitye – kounye a

[Keyboard Solo]
Baby Jo delala, ou wè mwen menm si m pat gen kè m te fou


;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016