Make M-Kreyol La

Genre-Konpa
Year-2020
Cheri make m

[Verse 1]
Mwen vle li gen menm bouch avè w
Pou li souri menm jan avè w
Pou lè li gade mwen, se pòt syèl la k ouvri pou mwen
Mwen vle l pale menm jan avè w
M vle l mache menm jan avè w
Pou li gen ezans ou ak elegans ou

[Chorus]
Banm yon pitit fi – oh
Yon bèl ti pitit fi – oh
Pou li rele menm jan avè w
Pou li sanble menm jan avè w
Banm yon pitit fi – oh
Yon bèl ti pitit fi – oh
Pou mwen renmen l menm jan avè w
Pou mwen pran swen l menm jan avè w

[Verse 2]
Pou lè l fache avè m m santi tèt mwen pati
E pou lè l kontan wè m li sere m fò nan bra li
Fè m kado youn tranpri, m a di w mèsi jou e nwi
Fè de li yon bèl kopi w, pou lè m avè l mwen wè w nan li
Lè l kenbe men m ma fè foli

[Chorus]

[Guitar Solo]

ou make m, w make lavi m ak lanmou
ou make m, w make m ak moso lanmou

mwen vle li pran bote ou
pran tout sa k bon kote w
mwen vle li tèlman sanble w
pou yo konfonn pòtre w

ou make m, w make lavi m ak lanmou
ou make m, w make m ak moso lanmou

ou mèt make lavi m baby I won’t say no
ekri l ak lank lanmou tankou yon tatoo sou po m
ban m yon moso nan ou se t ap pi bèl kado
la pase swaf lanmou m tankou se ton ti dlo

cheri ou mèt make m, ou mèt make lavi m
cheri make m, make m non

[Keyboard]

Cheri make m
Make m non
Cheri make m

mwen vle li pran bote ou
pran tout sa k bon kote w
mwen vle li tèlman sanble w
pou yo konfonn pòtre w

ou make m, w make lavi m ak lanmou
ou make m, w make m ak moso lanmou

[Guitar Solo]

ou mèt make lavi m baby I won’t say no
ekri l ak lank lanmou tankou yon tatoo sou po m
ban m yon moso nan ou se t ap pi bèl kado
la pase swaf lanmou m tankou se ton ti dlo