Yo Pa Kapab Ankò-K-Dilak

Genre-Other
Year-2020
Featuring-BGarmel
Mwen son timoun nan lari a k ap chache lavi
Pyès moun pa voye je gade m k ap pase mati
Lapli mouye jodi solèy seche m demen
Mwen vle viv dwat men si gon moun mizè vle devye se mwen
M konn wè gwo kay, m konn anvi dòmi pot pa janm ouvri
Son gwo chay m konn anvi febli
Mwen pa janm ka souri
Oh oh oh oh m granmoun tou piti
Wouh wouhh m grangou tout midi

Yo pa panse pou ou se paske peyi m pa gen leta
Yo pa panse pou ou se pou nou pa ba yo anreta
A minwi vi w gen pou gen solèy
Lalin ou gen pou l klere e l pap gen somèy
Mwen di yo pa kapab ankò – yo pa kapab, yo pa kapab
Mwen di yo pa kapab ankò non non non – yo pa kapab, yo pa kapab
Mwen di yo pa kapab ankò non non non – yo pa kapab, yo pa kapab

La la la la la la la ou ou ou

Menm lekòl m pa ka ale
Menm kreyòl m pa ka pale
Lavi trakase m, lavi sakaje m
Tout moun fè m babay y ale
Menm lapli m pa ka pare
Lavi trakase m, lavi sakaje m
Lespri mwen blow chak lè moun trete m grapyay
Son kado wooh lè moun ban m yon ti grapyay
Chache lavi sa se devwa m ap pale fò w tande vwa m
Si tout fwa nou pa pran ka m pi devan m ka kenbe zam