Bal On Byè-Enposib

Genre-Konpa
Year-2020
Featuring-Wendyyy
[Intro]
Ay fout pratik bal on byè
Bal on byè , ay fout hm hm

[Verse 1]
Pòch mwen koule m pa gen way m plat atè
Monte desann m chaje bagay pou m fè
Grangou a pran m bò Croix - des - Bouquets
Lè sa m kwaze yon denye ti pitit
Bèl ti bebe bèl anfòm san kritik
Cheri ann al bwè pou n tounen ti komik
Mwen pa gen kòb pou m achte on brik

[Pre-Chorus]
Manzè se sou bras li ye , li sou bras
Manzè se konsa li ye , oh li sou bras
Lap kanpe bò machann fè jounen l ap tann
Manzè se sou bras li ye

[Chorus]
Ay fout pratik ba l on byè, ba l on byè
Pou bèl anfòm ba l on byè , ba l on byè
Machann ba l on byè , ba l on byè
Menm si pòch mwen vire lanvè , ba l on byè
Wooy pratik ba l on byè
Jan l kanpe a ba l on byè
Pou bèl anfòm ba l on byè

[Verse 2]
Pa pale I mal si li sou plezi
Pa fè moral fèmen je w Jezi
Li renmen tafya l kite li
E mape bal bwè pou lòt madi
Se nou ki de ki nan mal nan mal nèt
E li miyò o mwen li pap fè dèt
Apre jodi m pap vin bò isi
Croix-Des-Bouquets m ale

[Chorus]

[Verse 3]
Sete yon jedi m tap roule vit m prese
Lè m wè lap vini m di shit li presye
So san pèdi tan m pake vit bese
M rele I li pa reponn li fè m wont m blese
Li di m si w pa kanpe sou anyen ou sonw malere pas
Kòz m se sèl fanm ki pa konn fè malere gras
M gentan ap swe men m pa ka fè lèd
Nan pòch mwen pa gen anpil
Gen sèlman san lamere pyas

Bal bal bal bal on byè tonè , ba li l
Bal bal bal bal on byè souple , ba li l
Bal bal bal bal on byè Jezuu , ba li l non
Ouwoy

[Chorus]
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016