Coronavirus (COVID-19)-Lil Peter

Genre-Other
Year-2020
Produced By-Marina 107 Records - CUT Mixe'l
Lyrics By-Lil' Peter
Lil’ Peter - Corona Virus (COVID-19)

[Intro]
.......

[Verse 1 - Lil’ Peter]

Kowona se yon maladi ki soti nan yon gran fanmiy viris
Li provoke anpil malèz, kòmanse pa yon rim tou jis
Yo idantifye’l la chine, an janvye 2020 an
Son ti senp epidemi wi, kounya ou tande ki nan tout bren an

Li bay gro lafyèv, li fèw mal pou respire
Ou toujou ap touse, 2,3 mouvman ou esoufle
Son maladi enfektyez ki prezante dè risk elve
Fòk nou fè trè atansyon paske’l pa mal pou atrape

Men moun ki pi fasil genyen’l yo soufri maladi kronik
Yo fè ipètansyon, oubyen yo fè maladi sik
Moun ki pi aje, moun ki iminodeprime
Moun sa yo trè frajil koz se yo ki pi expoze

E pou’w genyen’l fòk ou te an kontak ak yon moun ki genyen’l deja
E evite fè kontak ak lòt moun si’w genyen’l deja.
Maladi pa tonbe sou bwa, mwen pa di’n imilye moun
Koute konsèy se meyè chwa pou’l pa tiye dè milye moun

[Interlude]
.................

[Verse 2 - Lil’ Peter]

Ou sot nan twalèt
Lave men’w!
Avan’w manje
Lave men’w!
Ou sot nan lari, oubyen ou sot wè yon moun malad
Fò’w lave men’w
Itilize mouchwa, lè ou vle touse ou estène
Evite bay moun lamen ou anbrase moun enfekte

Ou sot okipe bèt
Lave men’w!
Ou sot fè yon travay
Lave men’w!
Ou pral fè manje oubyen ou sot fè manje
Fòw lave men’w!
Itilize sanitizer, si’w pa gen dlo bò kote’w
byen kwit tout saw pral manje, se mwayen pou proteje’w

[Interlude]
.............

Mwen konnen’n renmen sere maladi
Mwen konnen tèt nou di
Mwen konnen’n renmen pran tout bagay pou’n fèl tounen politik
Pèp ayisyen desten’w nan men’w
Ann pran yon ti kal konsyans
Pou’n konbat Kowona fòk gen inyon avèk bon sans.