Derayman-Coralie Hérard

Genre-Other
Year-2020
Produced By-Jean Bélony Murat / BélO And Wesli Louissaint
Lyrics By-Jean Winer PASCAL Et Additional Lyrics: Jean Bélony MURAT
Derayman

Moso kasav pa separe
gode kafe pa pataje
Bonjou mouri sou lantouray
zanmitay lage vay ke vay
Nou chak kache dèyè’w bout mi
nou dezini, nou afebli
Fè fòje, fil fè, babele
tchou boutèy, tout moun ansèkle.

Se yon prizon mantal
foli sou pyedestal
Nou pèdi la rezon
venere trayizon
Yon savann dezole
la fanmi izole
Chak moun toun’on’w Konze
la konfyans imole.

Fil yo pouri, rèv la dekoud
anpil pwoblèm pou’n ta rezoud.

Kone chanmchanm, bout kann kale
yon graj fresko, pistach griye
Plezi lontan yo evade
nou nan peyi’n, men’n ekzile
Lakay chak moun toun’on’w kazènn
yon gè sivil, yon jenosid
Nou twoke la pè pou la pènn
fratènite an fratisid.

Se yon pwazon sosyal
yon pourisman moral
Lojik an derizyon
ilizyon ki chanpyon
Se yon rèv krizokal
yon derayman nasyonal
Fè nwa dimansyonèl
yon gagòt, yon pèkmèl.

Fil yo pouri, rèv la dekoud
anpil pwoblèm pou’n ta rezoud
fòk yo rezoud.

Kote lanmou? Kote linyon?
vinn sove Ayïti pou mwen
fè nou jwenn fòs nou nan renmen
Yon sèl fanmi, yon sèl nasyon
fò’n sispann mache degrennen
fòk nou kontre sou gran chimen.

Fil yo pouri, anpil pwoblèm pou’n ta rezoud
fòk yo rezoud.

Paroles: Jean Winer PASCAL
Additionelles paroles: Jean Bélony MURAT / BélO
Musique: Coralie Hérard
Additionnelle musique: Jean Bélony MURAT / BélO
June 26, 2018