Mwen Renmen N-Dro

Genre-Ragga/Rap/Hip-Hop
Year-2020
Lyrics By-Dro
Gen rekonesans pa lachte
Gen bagay ki pa kache
Menm jan lajan gen bagay li pa ka achte
Nou pot limyè nan vi m se rezon k fè m pa ka lache n
Nou se vrè sipò m ekri karyè m san nou pa ka mache
Li fè nwa m pa pè paske m genyen nou kòm balèn
Nou ret soude menm lè mechan yo tap ri nan malè m
M ap woule tapi wouj m ap mete n a lonè
Nou chak san esepsyon se vrè definisyon bonè

[Chorus]
Mwen vle fè vi m avè nou
Mwen vle fè vi m tou prè nou
Kè mwen kontan chak fwa mwen wè nou
Nou met lajwa nan kè mwen
M renmen n amò

Atache se fanmi ak zanmi vin fanmi
n ap viv plis zanmi lanmou konekte n
tout kote ke n te Jacmel ou Abijan
barclay center n te pouse kò n
pou n fè lemond konnen mizik nou peze plis kon tòn
Ayiti Nouvèl Kaledoni ann kriye atache
Sa se lè pa nou pou n priye tout afè n ap mache
N ap sere men n ap kole kou
Pou n fonse moun yo mèt pale
n pap tande cause nou soud

[Chorus]