Fè Sa Ou Vle Avè M-Shassy

Genre-Konpa
Year-2020
Featuring-Pierre Jean
[Chorus]
Fè sa ou vle
Fè sa ou vle avè m
Fè sa ou vle doudou
Fè sa ou vle avè m

[Verse 1]
Non non mwen pa ka tann
pou mwen makonnen kò m ak kò w
ou ki konn pwen sansib mwen
ou ki konn tout feblès mwen
non non mwen pa ka tann
pou w jwenn wout pou w pèse rivyè mwen
cheri kò m se pou ou fè sa ou vle avè m

[Chorus]

[Verse 2]
Aswè a mwen pral fè yon bagay
ke pyès moun potko jan oze fè w
aswè mwen pral montre w
se premye fwa ou pral touche syèl
n ap kòmanse fè l a bouch la
n ap antre nan douch la
sou kabann sou chèz fè l tout kote nan house la
cheri m pral ba ou l tout kote kè ou pa bezwen sote
si w ta santi men w atache konn se mwen k minote w la

[Bridge]
pa gen fanm ki pa renmen wè
lè l alèz lè lap byen pase
ou mèt fè m konfyans cheri
se premye fwa ou pral byen kase

fò w ban m ti bo ban m ti moso
fè tèt mwen cho fè m rele oh
ban m tout ti tiz, ban m ti sipriz
fè m tonbe kriz, fè m rele please

[Keyboard Solo]

[Guitar Solo]

Si w son jennjan serye – m ap di w sa
Men depi w byen kanpe – m ap di w sa
Si w ka fè m depale – m ap di w sa
Cheri si w gon peye pote

[Chorus]