Pwofesè-Wanito

Genre-Ragga/Rap/Hip-Hop
Year-2014
[Verse 1]
De kindergarten à la philo
De Philo jusqu'à universite
Toujou g'on moun devan ‘on tablo
Yon baton krè k' chita ap eksplike
Yo pa konn fatig ni jou ki pa bon
Sa k' enpòtan se banou edikasyon
Pafwa elèv pa ba yo atansyon
Tankou yo bliye si se pou yo l'ap bon
Lè pwofesè ap travay elèv ap pale
Yo pa gen mikwo pou fè klas la koute
Konnen se vwa yo y'oblije pouse
San pa konn maten a kisa l te manje
Le w te lekòl pwofesè te tankou paran w
Kounya w nan yon lòt nivo ou twouve li pa ran w
Fòk nou ta engra pou n pata di sa
Se pwofesè ki fè nou tout rive la

[Refrain]
Pwofesè nou yo
Moun sa yo merite remèsiman
Pwofesè nou yo
Mwen menm m'ap onore yo an chantan

[Verse 2]
Sonje m'te nan yon egzamen mwen t'ap kopye
Pwofesè a pran fèy mwen pou l te chire
Lè mwen rive lakay mwen m'tonbe panse
Eske sa l fè a bon oubyen li ensanse
Apre m wè se nan entere m li te ye
Epi mwen pran kaye m mwen tonbe etidye
Demen maten lè m tounen vin konpoze
Se Wanito ki fini an premye
Yo bay pwofesè yo tout ti non jwet
Rele l “mèt bwa kèkèl” oubyen “mèt ti linèt”
Pafwa yo konn menm bayo kout boulèt
Anvè moun sa yo mezanmi nou gen dèt
Le w te lekòl pwofesè te tankou paran w
Kounya w nan yon lòt nivo ou twouve li pa ran w
Fòk nou ta engra pou n pata di sa
Se pwofesè ki fè nou tout rive la

[Refrain]
Pwofesè nou yo
Moun sa yo merite ankadreman
Pwofesè nou yo
Mwen menm map onore yo an chantan
One respè, chapo ba pou tout tan

[Bridge]
Pouki yo toujou nan yon sitayasyon
Pou y'ap manifeste lè y'ap mande ogmantasyon
Pou travay y'ap fè a yo g'on pasyon
E nou konnen deja sa'k prime se edikasyon

Non non non
Wou hou

[Refrain]
Pwofesè nou yo
Moun sa yo merite ankadreman
Moun sa yo merite remèsiman
Mwen menm m'ap onore yo an chantan