Leve Defi A-Wanito

Genre-Ragga/Rap/Hip-Hop
Year-2014
Lè yo di Ayiti, se avè m, se avè w yap pale
An nou pote kole pou wè si n ta inifye
Wè Jezi di nou l' gen pou l' vini
Li pa di si se an Afrik, li pa di si se an Asie
Oubyen an Ayiti
Ye ye ye
Site Solèy pase nan kou Bèlè pou mwen
Gran Ravin pase men nan kou Matisan pou mwen
Tripotay pase men nan kou (?) pou mwen
Bourèt ak pèl, pase men nan kou fatra pou mwen
Palmantè pase men nan kou prezidan pou mwen
Gwo jijman pase men nan kou kondane pou mwen
Solisyon pase men nan kou pwoblèm pou mwen
Vakabon pase men nan kou lekòl pou mwen

[Refrain]
Leve defi a
Si yo di n'pap janm fè lapè
Leve defi a
Yo di geto pap janm ka renmen
Leve defi a
Na leve

Anpil nan nou rèv nou se pou n al viv lòt kote
Men nou pa janm panse pou nou ta kolabore
Si peyi m te banm posibilite m'patap janm vwayaje
Se touris ki tap rantre vin gade m kap chante
Maladi pase men nan kou sante pou mwen
Lavi chè pase men nan kou grangou pou mwen
Kè kontan pase men nan kou tristès pou mwen
Verite pase men nan kou manti pou mwen
Tande Djakout, pase men nan kou T-Vice pou mwen
Barikad pase men nan kou Rockfam pou mwen
Raram No Limit pase men nan kou Shabba pou mwen
Animatè pase men nan kou atis pou mwen

[Refrain]
Leve defi a
Si yo di n'pap janm fè lapè
Leve defi a
Yo di geto pap janm ka renmen
Leve defi a
Na leve

Lanmou pa konn gwosè, li pa konn lajè, li pa konn wotè
Lanmou pa konn koulè, li pa konn moun klè, li pa konn moun nwè
Lanmou touche kote k' pi sansib la
Ann pran egzanp lè w ap li nan Bib la
Eya eya a

[Refrain]
Leve defi a
Si yo di n'pap janm fè lapè
Leve defi a
Yo di geto pap janm ka renmen
Leve defi a
Na leve

Pasaje pase men nan kou chofè a pou mwen
Gran patron pase men nan kou Sentaniz pou mwen
Pwason gwo sèl pase men nan kou aransò pou mwen
Edikasyon pase men nan kou lajenès pou mwen
Ankouraje pase men nan kou kritike pou mwen
Minustah pase men nan kou devwa ou pou mwen
Mandan marye pase men nan kou fanm deyò pou mwen
Pitit pa w ak pitit pa l se menm papa yo genyen

[Refrain]
Leve defi a
Si yo di n'pap janm fè lape
Yo di geto pap janm ka renmen
Na leve
Leve defi a