Pote L Ban M-Baky

Genre-Konpa
Year-2020
Featuring-Medgy
[Intro]
W ap pran pòz thug ou

[Verse 1]
Se pa lanmou sa l te vize
Se pa konsa l te vle viv avè w
Ou pran plezi fè kè l brize
Kòmsi pou ou l pat gen oken valè
Nan je l de ran dlo ap glise
Lè l ap soufri w fè kòmsi w pa wè
Ou di l w pa nwi si l ta kite w
Paske pou ou l te mèt disparèt

[Pre-chorus]
Fanm sa te vle w pou lavi
Li fè w konfyans ou trayi l
Ou di w vle fanm sa sèlman pou w ka trip avè l
Pandan l te pran w pou mari

[Chorus]
Si w pa renmen l ou mèt pote l ban mwen
Ou mèt pote l ban mwen
Piti pot afè m ban mwen
Ou met pote l ban mwen
M ap chèche on bon ti grenn gen lontan sa
Si l pa bon nan je w kite li konsa
Pote l ban mwen
Piti pote l ban mwen

[Verse 2]
Paske l pa janm pale ou pran l pou egare
L ap ede w monte men w pa janm vire gade l
Li fè tout sa w mande men w pat janm te vle gate l
Just mete l klè si w pa vle l di w pa vle l
W ap pran pòz thug ou oh
Thug pa konn damou eh
M konnen w pral di nan kisa sa regade m
Men m ap pete boutèy le jou n ta separe

[Pre-chorus]

[Chorus]

Pote l pou Baky – pote l la pote l la
Pote l pou Medgy – pote l la pote l la
Pote l la fanmi – pote l la pote l la
N ap jere l pou ou (2x)

Djaz ou
[Keyboard]
W ap pran pòz ou fè ahah
Pote l ban mwen
Si w pa kapab ankò mèsi - Pote l ban mwen
Pote l ban mwen
Mèt lage l la tonton - Pote l ban mwen

[Outro]
Si w pa renmen l ou mèt pote l ban mwen
Pote l ban mwen
Piti pot afè m ban mwen
Pote l ban mwen
#wimiziklyrics