Yon Ti Souf Pou Ayiti-Mikaben

Genre-Other
Year-2020
Featuring-Various Artists
[Intro]
Papa bondye ou menm ki wè pi byen pase nou
N ap mande w gide n nan sitiyasyon sa
S on moman difisil
Nou menm atis Ayisyen nou di nou pap janm lage popilasyon an
N ap toujou la pou ba yo kouraj
Pou ba yo ti souf

[Kè]
Tanpri Bondye ban n ou fòs pou kenbe
Nan lavi sa
Tanpri papa ban nou fòs pou n sove ti peyi sa
Yon ti souf pou Ayiti

Jodia nou met ajenou nan pye ou
Paske nou rekonèt se ou k kreye n
Men dlo pa ka sispann koule nan je nou
Paske nou wè jan peyi nou blese
Nou vin pou di w mèsi ak tout kè nou
Paske nou menm nou sove
Tanpri bay lèzòt yo lasante
Beni tout sila yo k tale kite nou
Jodia se pou yo n ap chante
Pou Ayiti sove

[Kè]

Ann pase an aksyon pou n bati yon nasyon
Nou bezwen disiplin ak bon kowòdinasyon
Nou pral fè fòmasyon ak bon edikasyon
Pati sou nouvo prensip e mete yo an apilkasyon
Nou menm atis nou vle pou n kontribye
Mete men nou ansanm pou nou ede
Nou vle pou n fè yon sèl pou Ayiti pi bèl
Yon jou la va klere k on lakansyèl

[kè]

Tanpri gide nou papa wa va klere nou papa
Pou nou wè pi byen devann
Pou n sa wè kote ke nou prale
Tanpri gide nou papa wa va klere nou papa
Pou nou pa janm pèdi lafwa pou Ayiti demare

[Kè]

N ap mande w pou w ban nou fòs ak kouraj
Avèk pasyans m konnen n ap rive kanmèm
Yon ti souf
Yon ti souf pou Ayiti