Kisa W Tap Fè-Troubleboy Hitmaker

Genre-Ragga/Rap/Hip-Hop
Year-2019
Lyrics By-Trouble Boy

[Verse 1]
Pandan machin li pran pàn m desann pou m depane l
M tou pran nimewo l epi nou plede pale
Depi lè n fin rankontre m fou pou li san bonbòn
M gentan ba l ochan san twonpèt san twonbòn
Se pa nenpòt ki fanm elle est jolie elle est bonne
Nou vin ensenparab kou palmis ak tonton
Li prezante m manmi, li prezante m papi
Li prezante m bèl kouzin bèl tati ak tonton
Lè l fin prezante m fanmi l mwen di cheri pran ton temps
Li di m li pran tan déjà sa fè l plezi li kontan
Li di m li pap fè m sekrè, li se tablo li se krè
Kòmanse rakonte m vi l li mande m èske m prè

[Pre-hook]
Li di m mwen renmen w li di m se li ou mwen vle
Mwen di l mwen renmen l tou mwen vle tout sa w vle
Li di m avant ou gen bagay pou n pale
Mwen di cheri vini ou mèt di m tout sa w vle
Ohhhhh ohhh
Li di m li s on pwostitiye
Ohhhhh ohhh
Li di m li s on pwostitiye

[Hook]
Li di m li s on pwostitiye
Li di m li s on pwostitiye
Li di m li s on pwostitiye
Li di m li s on pwostitiye

[Verse 2]
Li di m li poukont li tout fanmi l sou kont li
Peye lekòl se li, peye kay se li
Lopital se li, li k rele, li k reponn
Li oblije vann kò l pou l met nan asyèt ak bòl
Bourik fè pitit se pou do l poze
Men lasosyete pral mande koze
Li di m pou l fè kòb l ouvri pye l pou lanmou l ouvè kè l
Kòm li sensè avè m èske m ap ret avè l

[Pre-hook]

[Hook]

[Keyboard Solo]
M damou m damou nèt

[Outro]
Nan plas mwen di ki sa w tap fè
M vle di mwen kisa w tap fè
Nan plas mwen di ki sa w tap fè
M damou m damou nèt

;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016