Mèt Kay La-Zenglen

Genre-Konpa
Year-2018
Mèt kay la leve byen fache matin an
Sa l genyen pèsòn pa konnen
Se pa de koze
W ap tande
"Que pasa con la senora?"

Pa ka ri ni pale
Tout moun antrave
Pa ka ri ni pale
Se poze pou w poze
Pa ka ri ni pale
Tout moun antrave
Pa ka ri ni pale
Menm mouch pa sa vole

Chen jape, ap pran kout pye
Tout sak sou wout li antrave
Li dèyè moun pou geri bosko
Male w se ou li jwenn
Tout soti gen limyè wouj
Kouri plim nan bouch

Pa ka ri ni pale
Tout moun antrave
Pa ka ri ni pale
Se poze pou w poze
Pa ka ri ni pale
Tout moun antrave
Pa ka ri ni pale
Menm mouch pa sa vole

Mèt kay la leve byen fache matin an
Ti krik ti krak g on lwa ki pran l
Se pa de koze
K ap pale

[Piano Solo]

[Hook]
Madan m
You vye chanson depi maten
Madan m oh!
Sa l genyen pèsòn pa konnen
Madan m
Bare anwo, bare anba
Madan m oh!
Sa ki konnen pa pase la
Madan m
Pawòl anpil la pa ko fini
Madan m oh!
Zafè w ou pot tèt ou vini
Madan m
Sa ki fache kouri sou li
Madan m oh!
L ap tan po kann ak tout foumi

L ap rele sou ti machann kap degaje
Jis lòtbò lari a yo ye
L ap di twotwa tounen mache
Bliye si se la li sot achte
Se la tout moun bese leve
Ala madanm babye mesye (Defann tèt ou, w pa bèbè)

[Piano solo]

[Hook]
Madan m
You vye chanson depi maten
Madan m oh!
Sa l genyen pèsòn pa konnen
Madan m
Bare anwo, bare anba
Madan m oh!
Sa ki konnen pa pase la
Madan m
Pawòl anpil la pa ko fini
Madan m oh!
Zafè w ou pot tèt ou vini
Madan m
Sa ki fache kouri sou li
Madan m oh!
L ap tan po kann ak tout foumi

[Guitar Solo]
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016