Si M Posedew-Baky

Genre-Ragga/Rap/Hip-Hop
Year-2013
Featuring-Guerby
Let me be yours
Let me be yours
babyyyyy
Let me be yours
Let me be yours
Let me be yours
Let me be yours

[Verse 1]
Yow se kom lè'w jèn, premye velo'w ke'w te posede
Avanw genyen'l ak konbyen etap ke'w te pwosede
Ou ta renmen fon jan pou tout moun konnen
men'w pa janm rann ou kont ke fe gwo bwi ak fe eko se 2
Sou chimenw bonè’w paret san’w pa atann
konsa tou pou lòt li mize tankou pwatann
mwen'm paka tann, pou ou mkonn neg kap jere plas
Pou ou m konn neg ki te la avan kounye a ki ta vle repas (eee)
Gen sak rich gen sa'k pauvre
Gen sa'k la se pou kovè
Genyen ki pap pè pase 10 zan tann ou si se saw vle
Genyen lè'w ap domi pou sèviw zorye
genyen ki renmen fasonw men gen lot tou se pou sa'w ye
Pou ou menm nan domi map rete briye
mprè poum posedew tankou kolon te vle negriye
M bese’m m pliye
Chak jou nan pansem map plede kriye
Poum posedew nan vim mw prè chak jou poum bese priye

[Refrain ]
If i own you all my life will sing it
Bae i really love you
I feel this love so true i mean it
I will always be there for you
[Verse 2]
Si'm posedew, map fe lalin lan vinn pi pre’w
nan kè'w, map fe flèch Cupidon an vin pike'w
Wap tande vwam(pe jwe) egri yo (echweee)
si non baky selman ta vin nan vi prive'w
Mka pa rich, men jamè’w pap janm konn povrete
wap konble tankou Prinsès, wap toujou viv kot pwòprete
E’m vle'w rete, bò kotem pou ou selman map ye
Ou pap janm nan mache nan solèy, pousyè, ou pap janm a pye
M garanti’w, ou pap beswen lot bra pouw apiye
Ou pap gen pwoblem ni vwayaj ni kob ni pou abiye
Wap gen tout sa yon fi ta bezwen pou makiye
E map ranmase tout pèn ou pou lè'w tris pouw pa kriye
An rézime, map ba'w lanmou nan verite
M ap trete'w janw merite, e’m pwomèt ou senserité
Sèl sam bezwen, pwomet mwen ke wap pou Baky sèl
Tout saw te kon'n fè bad, pwomèt mwen’w pap back in scene

[Bridge]
Si te gen poum chwazi, ant ou menm e lavi’m
M pa tap menm ezite, poum ba’w priyorite
Yon jouw gen pouw konprann, sa ou reprezante pou mwen

[Refrain]
If i own you all my life will sing it
Bae i really love you
I feel this love so true i mean it
I will always be there for you
(bis)