Fò W Mouv-Chris Morning

Genre-Afro/Dancehall
Year-2018
Lyrics By-Chris Morning
[Intro]
Wiii
Chris Morning inna da place
Anmweyy
Si
Wayayy si

[Chorus]
Si ou g on bebe ki ba w tèt fè mal
E ke konpòteman l anòmal
Si l pa ba ou love la jan ou bay
E ke w ta wè l lejè kon pay
Fò w ka konprann s on lòt moun li genyen – fò w mouv
Se pa chita ap plenyen – fò w mouv
Se pa chita ap plenyen – fò w mouv
Fò w mouv, fò w mouv, fò w mouv

[Verse 1]
Si l te renmen w vre
Ou t ap dènye moun li tap fè pèdi tan
Si w gade l nan je
W ap wè ke gen lontan li pa gade w menm jan
Santiman konn chanje, pafwa pou toulède
Lage pye w lage pye w – pa panike
Fò w pa panike, kale je w kale je w
Fòk ou ka wè klè
Pandan w ap cheche on rezon pou w ret soude
Li menm l ap chèche on grenn rezon pou l ale
Paske se tik tok se lè k ap pase
Brik brak anyen pa ka ranje
Bip bap kè w ap balance
Flip flap fò w mouv fò ou ale

[Chorus]

[Verse 2]
Li gentan g on moun g on moun nan men l
Li gentan ale lwen menm si w kenbe men l
Ou pa fè pati de pwojè l ou pa nan demen l
Non non ou pa nan demen l
Defwa abitid vle fè w kenbe men lanmou pa l deja lage
Fò w pa fòse, youn ale dis lòt twouve
Fò w aksepte, pafwa, pafwa pafwa
Li ka kòmanse pa mande w yon pòz
Pou sante relasyon an dèfwa s on bon dòz
On ti efò vo lapèn pou yon bon kòz
Paske se pa tout tan ke lavi an wòz
Fò w konnen g on moun k ap tann ou
Ki swaf yon lanmou ke ou vle pataje
Fò w konnen g on moun k ap tann ou
Ki chaje lanmou fò w pa pè rekòmanse

[Chorus]