Pete Fyèl Mwen-Harmonik

Genre-Konpa
Year-2019
Featuring-Anie Alerte
[Intro]
Vide lanmou sou mwen

[Verse 1: MacD]
Lè yon mariaj pa dire
Se paske lanmou pat egziste
Gen moun ki pa separe
Se paske timoun yo enplike
Se pa fini li mal fini
Nou pat janm byen kòmanse li
Ti tan nou an pou lenfini
Vide lanmou sou mwen

[Chorus]
Pete fyèl mwen
(Pete fyèl mwen ak lanmou)
Pete fyèl mwen
(Toupizi’m toupizi’m cheri)
Pete fyèl mwen
(Pete fyèl mwen ak lanmou)
Pete fyèl mwen

[Verse 2: Anie]
Tout otan mwen egziste
M’ap soumèt a tout nesesite’w
Ou se kwa mwen, mwen se mizè’w
Ou se fyète’m, mwen se bonè’w
Yo mèt rele nou arivis
Vide lanmou sou mwen

[Chorus]
Pete fyèl mwen
(Pete fyèl mwen ak lanmou)
Pete fyèl mwen
(Toupizi’m toupizi’m cheri)
Pete fyèl mwen
(Pete fyèl mwen ak lanmou)
Pete fyèl mwen

Cheri
Pa neglije ban mwen love

Foumi pa konn mouri
Ki kote?
Anba sak sik

Ban mwen’l la
Cheri fè sik mwen monte

Vide siwo sou fyèl mwen (2X)

[Bridge]
Love sa pa gen parèy
Tankou batri’k pa janm pèdi chaj
Tou mete’m nan sèkèy
Si’w paka renmen mwen davantaj

[Hook] 2X
(Pa fè chich)
Pa fè chich
Cheri pa fè chich
Pa fè chich
Pa fè chich avèk lanmou

[Bridge]
Love sa pa gen parèy
Tankou batri’k pa janm pèdi chaj
Tou mete’m nan sèkèy
Si’w paka renmen mwen davantaj

[Hook] 2X
(Pa fè chich)
Pa fè chich
Cheri pa fè chich
Pa fè chich
Pa fè chich avèk lanmou

Foumi pa konn mouri
Ki kote?
Anba sak sik

Vide siwo sou fyèl mwen

[Hook] 2X
(Pa fè chich)
Pa fè chich
Cheri pa fè chich
Pa fè chich
Pa fè chich avèk lanmou
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016