Klike Sou Li-Klass

Genre-Konpa
Year-2019
[Verse]
Jounnen m poko kòmanse
tout tan m pa konn kijan w leve
kijan nwit ou pase
m pa vle absan lè w souri
se on mèvèy m pa vle pèdi
tèlman m damou cheri

[Chorus]
mwen pap dekouraje se sou ou sèl mwen klike
pou ou mwen prè pou m sakrifye
tout sa m ye sa m posede
ou fè m goute on lanmou
ki bay lavi m on lòt gou
ou se branch limyè mwen nan dekou

[Verse]
mwen pap ba w pawòl pou w dòmi
ou deja fè lanmou nou jwi jouk nanm mwen anvayi
mwen vle la lè w pral pipi
mwen vle avè w jouk tan m mouri
tèlman m damou cheri

[Chorus]

[Hook]
klike cheri klike mwen pare pou sa ou vle
m ap tann ou deside pou lavi nou kòmanse
klike cheri klike pa kite baj ou kase
m ap tan ou deside pou lavi nou kòmanse

[Bridge]
mwen vle swiv ou tankou yon lonbraj
mwen vle w san makiyaj

[Guitar]
pou tout moun k ap chèche lanmou pa yo a, mwen m fèk jwenn pa m nan
cheri se ou l ye
epi m klike wi la

[Keyboard]
woy men konpa
Klass

Ti Joel Antoine klike sou pa w la non frè
Klililik

[Verse]
Lè lanmou frape w, santi kè w pran palpite
Pa fè tankou w pa tande se kap dènye fwa sa rive w
Lavi gen revè, ou pral pase mizè
Ou pral naje nan regrè
se youn nan pi vye erè ou pat dwe fè

[Choir]
Si l fè san w mache, si l fè nanm ou vibre
Klililik klililik prese kouri klike
Pandan li dispo, pandan yon lòt poko
Klililik klililik mesye kouri klike

[Horns]
Klass
Konpa
Tòbo
Fanatik yo wè anba yo
Yo di gen sa ki fake – men Klass la original
Sa se pa fake la non – sa se bon an
Sa w fè lajounen – se avè l ou dòmi nan nwit
Anmwey

[Keyboard]
Tout moun nan kay la leve men nou pou n resevwa levanjil klass la
Leve leve leve l
Kèl Affaire
Se Klililik klililik

Si l fè san w mache, si l fè nanm ou vibre
Klililik klililik prese kouri klike
Pandan li dispo, pandan yon lòt poko
Klililik klililik mesye kouri klike
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016