2è Chans-Majik Click

Genre-Ragga/Rap/Hip-Hop
Year-2008
Pa janm gen 2 pèn san sekou
nenpòt sak ta pase fon jan aranje w
pou w pa andevèn an retou
nan lavi w g'on dezyèm chans
pou avniw fò w' gen defans
apre papa m' fin tonbe
moun panse m' t'ap dewoute,
apre vwa pam pou w' tande
kounye a sou ou m'ap degoute
swè travay mwen an. map rekonpanse
pou timoun kap vin dèyè yo pa rekòmanse
lè balans ou panche ou dwe fè kwayans ou depase

pa rate on segon sann ki pase nan vi w'
s'ou pa profite l' se yon chans ki ale banm di w'
pou w' pa twò livre w' bay dekourajman
live dwe yon pasyon blak nou vlew gen pasyans
paske nou chak g'on talan k'ap dòmi anndann
ann vag tantasyon ak fòs plis ann tann
se fight na fason w' ak fòs plis pran san w'
pa dezespere reeseye paske gon dezyèm chans.