Si M Te Konnen-Kenny

Genre-Other
Year-2019
Featuring-Baky
[Intro]
It’s Kenny again

[Verse 1]
Pou nou lanmou sa pap janm pase mòd
M konnen w renmen m men m fè w pase twòp hey
M mande w pou n ta start over
San ou lavi mwen prale tèt anba
M pa konnen kisa mwen prale fè nan ka sa hey hey baby

[Hook]
Si m te konnen l tap pral fè w mal konsa
M tap fè respè mwen (2x)
Pou ou m ye
(2x)

[Verse 2]
Gyal m regret tout sa m fè w
M regrèt lè m te konn jwe ak kè w
W soufri je m kale men m pat wè w
Tèlman m woule w m blo w twonpe w devan tout moun
Vwazinaj vin pale nan zafè w
Dlo nan je w fè m lapèn
Ou te di w prale men m pat kwè w
Nan moman w te bezwen m yo pat prè w
M te fè vi m ap ba w may
kounya m pa konn sa m ta bay yea ay

[Hook]

[Verse 3]
M nan lari ak lot fanm nan fèt pete boutèy
M ap twonpe w pandan w ap dòmi
Ou nan lopital w ap soufri m ap trip
Gaspiye kòb fè threesome pandan w ap vomi
W ap mande pou mwen m bliye w
M ap chill w ap pèdi souf
Wap kriye pandan m ap souri
M santi m alèz ak zanmi m m ap bwè pede fè bri
M ap byen viv pandan wap mouri (shit)
M pa konn sa m ta bay kiyès pou m ta rele
Se le tan pou m ta retounen
Ou tap chache m trè lwen ou pa wè m
W ale kite m sèl regrè ki rete pou mwen
M pa konn sa m ta bay kiyès pou m ta rele
Pou m wè fanm sa retounen
Fwa sa w tap jwenn mwen
Depi w rele m ou tap jwenn mwen

[Hook]

[Bridge]
Mwen tap aji on lòt jan
Si m te konnen mal mwen yo tap blese w konsa
Mwen tap jwenn on soulajman si w ta tounen
Baby vini nan bra mwen

[Hook]