M Pa Ka Viv Avè L-Wendyyy

Genre-Ragga/Rap/Hip-Hop
Year-2019
Featuring-Shishie
Produced By-Magic Touch
It’s Magic baby

[Verse 1]
Li se tout sa m rayi tout sa m renmen
Tout sa m bezwen se tout sa l mennen
M renmen tout sa l fè
Tout jan l ye m veye tout ti jès
M veye tout sa k brannen
M se definisyon tout sa krazy ye
M pa vle wè l men l se tout sa m dezire
Li fè m konn sa k lanmou e tout sa plezi ye
Sè l li k konpatib avè m tout sa m mezire
S on lanmoun gran djoz XXL
On lanmou sikre sale on lanmou sik sik sèl
Lè m malad pou m geri fò m jwenn on kiss plis elle
Lè l pa la m pa kapte m tankou Digicel

[Hook]
Li fè m tout sa m rayi fè m kwè tout sa k pa vre
M pa wè lavi m san li poutan se tout sa m pa vle
Mwen pa ka viv avèl - Poutan m pa ka viv san li (4x)

[Verse 2]
Nou pa pase de jou san n pa goumen
Men m pa konplè lè m santi l lwen
Li se tout sa m rayi men s on medikaman li ye pou mwen
Li fè m adikte, fè kè m palpite
A chak fwa m deside ale m pa ka kite
Li fè m santi byen li fè m santi m ap viv
Chak jou ban m manti fè santi m nayiv
Li se gòg pa gen jou m pa iv
M pa ka kontwole oh qu’est ce qui m’arrive
Li fè m adikte, fè kè m palpite
Li fè m akò a chak lè m deside ale m pa ka kite

[Verse 3]
Li fè m aksepte manti poutan m konn verite
Sa m santi a pifò poutan m konn vle lite
Chak jou k pase m damou w plis men chak jou m vle kite
Menm player m pa ye ankò m evite chak kou l merite
Chak jou k pase m damou w plis men chak jou m vle kite
Menm player m pa ye ankò m evite chak kou l merite
Li konn jan pou l fè m piti li konnen m pa care
Li konnen l ka fè m obeyi menmsi m pa kwè
M konnen l renmen men m gen dout m pa kwè
E nou toulède avèg nou konsyan men n pa care
Si w anpeche m goute siwo sa m kapab fè on ka
M pap kite w kounye a ni tou m pap ka fè l nan ta
E pou l sa l fè pou mwen pa gen lòt kap ka fè on ka
Kè m nan men l e m reziye m m pap ka fe yon pa

[Hook]

;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016