Ayiti Haiti-Freedom

Genre-Ragga/Rap/Hip-Hop
Year-2019
Produced By-Mandela & Yanik
Lyrics By-Freedom
[Hook]
Ayiti Haïti, kilè sa va fini wo

[Verse 1]
Si chak jou ou te ka manje, èske w t ap santi w neglige
Kòm nou tout wè reyalite, di m kijan nou jwenn wout kraze
Pandan w te nan blakawout, ou jwenn bil elektrisite
Pandan m te nan mitan wout la m tande kawotchou eklate
Mèsi Bondye yo bay kouran men tout materyèl mwen sote
M ap fè kòlè depi ventan men anyen poko ka chanje
Tout fo pwofèt ki pase nan peyi mwen toujou f on sanble m
M pa pè mouri depi anvan sa m ka wè peyi m libere
M pap ka tere jiskake palè nasyonal mwen remonte
Yon bann pawòl men m wè anpil nan pawòl sa yo pa respekte
Se pa mwen k envente l, sa s on bagay mwen obzève se vre
Lavichè ogmante, mezanmi tèt chaje pou malere

[Hook]
Ayiti Haïti, kilè sa va fini wo

[Verse 2]
Solèy ka leve si ansanm nou aprann mache
Jou n aprann valè nou na konprann se wa ke nou ye
Se rèn ou ye lè w ap mache nan lari a apye
Se pa sa w posede k ap dikte kote w ka rive
Se pa mwen k envente l, sa s on bagay mwen obzève se vre
Lavichè ogmante, mezanmi tèt chaje pou malere

[Hook]
Ayiti Haïti, kilè sa va fini wo

[Verse 3]
Fòn jwenn konesans so t Kotdefè rive Milo
Fòn aprann gwo pawòl sa yo te ekri sou drapo n
Ayisyen t ap chanje mond nan si n te konprann nivo n
Nou tout vrèman gen menm rèv la nan dimilyon sèvo n
Ansanm ansanm nou t ap rive jwenn sa nou merite
Men pwoblèm la se nou ta pito viv la divize

[Hook]
Ayiti Haïti, kilè sa va fini wo