Cauchemar-Nu-Look

Genre-Konpa
Year-2018
Produced By-Arly Lariviere
Lyrics By-Arly Lariviere
G on kochma

[Verse]
Ne t’en vas pas mwen tap rele
Lè m te sote nan dòmi
Apréhension anvayi m a l’idée de te perdre
Malgre m reveye
M reyalize se te on kochma
Li te tèlman reyèl mwen te pertube

[Chorus]
Yon kochma vin teworize m
M pe fèmen zye m
Pou mwen pa reviv eksperyans sa

[Verse]
Apre on diskisyon m wè w t ale
Orgèy te fè m pa al chèche w
Se konsa opportuniste infiltre nan vi m
Monopolize m m pa ka bare ou kò e am
Menm le se yon kochma sonj sa boulvèse m

[Chorus]

Mwen leve m ap tranble
M met ajenou m priye
Mwen ta renmen pèsonn reve chyen mòde l nan dòmi

[Keyboard Solo]
Gad on kochma

Men se t ap pi gwo doulè pou mwen
Pou m ta va gade w
Pou m pa ka touche w
Cheri kisa m ta fè
Men se t ap pi gwo lapenn pou mwen
Pou m ta wè kochma m vin reyalite
Cheri kisa m ta fè

Cheri vini tou pre m, vin nan bra m
vini fè ti boul avè m
vin kenbe m, vin sere m
vini pou makonnen avè m

kenbe mwen

kenbe mwen fò (2x)
kenbe m pi fò (2x)
kole sere (2x)
menm si m ap toufe pa lage m

lè w pase men sou mwen
lè w pase men sou kò mwen
se sa ki rasure m
se sa k trankilize m

[Guitar]
Oh gad on kochma cheri

[Outro]
kenbe mwen fò (2x)
kenbe m pi fò (2x)
kole sere (2x)
menm si m ap toufe pa lage m

;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016