Kenbe'm-Mikaben

Genre-Konpa
Year-2018
Featuring-Richard Cave & Masterbrain
[Intro]
Fò’w kenbe’m
Fò’w kenbe’m, Pa lage’m
Fò’w kenbe’m
Fò’w kenbe’m, Pa lage’m

[Mikaben]
Si m’ap pale de ou, si mwen reve’w chak jou
Si lè’m pale avè’w, ou wè je’m pa janm ka tonbe nan je’w
Si’w wè’m dekontrole depi’n fè yon ti kole
E si mwen anbarase se ou ki fè mwen debalanse

[Chorus]
E si’w wè m’ap tonbe baby
Fò’w kenbe’m
E si'w wè mwen gougou se ke m'gaga
Fò’w kenbe’m, Pa lage’m
E si'w wè m'ap tonbe cheri an mwen
Fò’w kenbe’m
E si'w wè ke mwen pa janm ka di'w sa
Fò’w kenbe’m, Pa lage’m

[Richard]
Lè’m tande’w k'ap pale ou ka pote’m ale
Ti vwa ou tèlman dous tankou yon ti briz, yon ti karès
E si mwen ta mande lèzanj avèk lesyèl pou yo entèsede
Se pou yo ka fè'w reyalize nan ki pwen mwen obsede bebe

[Keyboard]
Wow
Ansyto Mercier papa
Kenbe'l konsa, kenbe'l konsa laa
Toto cheri, w'ap byen pase wi la

[Hook]
Catch me baby cause I’m falling in love
I’m falling in love with you
Tonè boule'm mwen fout damou
Catch me baby cause I’m falling in love
I’m falling in love with you

[Mikaben]
Pa kite mwen tonbe si ou wè ke m'ape febli
(Falling in love)
Tankou on ti chien nan pye'w si mwen renmen'w se pou lavi
(Catch me baby)

[Richard]
Tout sa ke m'ap mande'w se pou ta ban mwen yon ti chans
(Falling in love)
Mwen pap abandone kèlkilanswa lè sikonstans

[Hook]
Catch me baby cause I’m falling in love
I’m falling in love with you
Tonè boule'm mwen fout damou
Catch me baby cause I’m falling in love
I’m falling in love with you

Kenbe'm nan ren baby

[Masterbrain]
Baby look
Ou wè si'w pa degaje'w tou kenbe'm kounyea
Ou pral gen pou kenbe vòlè k vle vòlè’m pou ou a
Sipòte rèv mwen cheri se sipòte tèt ou
Paske sèl sa m'reve chak lè m'ap dòmi se ou m’wè
Nou tèlman konekte depi'w grangou m'baye
Depi m'fache w’fache
Depi’w jwaye m'jwaye
Oh ki lè n'ap marye, mwen depi'w pare m'pare
Apre sa pitit sou pitit, cheri'w pa egare
Pati prefere'm nan ou, chat la, zye'w ak bouch ou
Sa'k vle kraze lanmou nou, sa se pou katouch yo
Kenbe'm jan'w te kenbe'm premye fwa nou te bo a
Lè'w mouye pa siye'l tout tan m'pa goute dlo a
Hey hey, m’anndan m’anndan nèt
Bon sa m'pral chèche deyò
M’anndan m’anndan nèt
Si’w lage'm m'ap tonbe fò
M’anndan m’anndan nèt
Ah ou t'ap chèche'w jwenn
Now, pran’m san je retiens

[Keyboard]
Manman, manman, manman
Tiklod papa, apa se ou saa
S'on fèt eksprè
La magie musicale de Mika

Oh oh oh oh
Tout le monde chantez (Oh oh)
Mwen di mwen pa tande (Oh oh)
Tout le monde chantez (Oh oh)
Tout le monde criez (Oh oh)

[Chorus]
E si’w wè m’ap tonbe baby
Fò’w kenbe’m
E si'w wè mwen gougou se ke m'gaga
Fò’w kenbe’m, Pa lage’m
E si'w wè m'ap tonbe cheri an mwen
Fò’w kenbe’m
E si'w wè ke mwen pa janm ka di'w sa
Fò’w kenbe’m, Pa lage’m
;

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016