M'aprann-Wendyyy

Genre-Other
Year-2018
Featuring-Jeff Prosper
[Verse 1-Wendy]
Fò'm te rankontre'w pou kè'm te bat fò
Se pa dat m’ap mande pouki Bondye pat fè’w
Fò’m te player pou’w montre’m ke m’pat fò
Fò’m te gen yon ex pou’m konn gen bagay m’pap fè’w
E fò’m te damou’w pou’m wè m’potko janm renmen
Fò’w te fè’m swiv ou pou’m wè m’potko janm mennen
Ou fè’m reyalize ke ankenn fanm pat janm renmen’m
Fò’n te viv ansanm pou’m wè’m potko janm mwen menm
Kè’m te gen plas pou lòt, ou fè’l vinn piti
Ou fè’l vinn sansib, lòt yo te fè’l vinn pi di
Ou pat kwè nan tripotay e nan lòt moun ki di
Fò’m te Traka pou’w te fè’m vinn Dydy
E depi’w te bò kote’m, m’pat ka pa byen
Ou te fè’m chante plis lanmou ke Lara Fabian
E fò’m te neglije’w pou’m wè jan’w chè pou mwen
Fò’w pat la ankò pou’m wè jan’w fè pou mwen
Fò’m te deside kanpe pou’m te wè’m nan on kous
E fò’m t’al goute on lòt fanm pou’m te wè jan’w dous
Fò’w te tronpe’m pou’m te kite’w pou’m wè se mwen’k te pi kon
E fò’m t’al pran on lòt pou’m wè se ou’k te pi bon
Men fò sa ta rive pou’m te aprann tout moun ka fè erè
Relasyon pa janm senp, tolerans ka fè’l meyè
Petèt li te fè’m mal, men’w te merite padon
Moun pa’m nan se mwen’k pou kreye’l, se nou tout ki pa bon
M'aprann…

[Chorus-Jeff]
M’te avè’w, ou twonpe’m, m’al pran on lòt
M’vinn renmen ak Betty, li twonpe’m, m’al pran on lòt
M’al pran Rebecca, li twonpe’m, m’al pran on lòt
M’tonbe sou Sophie, yo di’m se madan on lòt
A la fen m’reyalize m’ap tounen an won
Sa fè dizan m’ap renmen, m’pa janm jwenn yon bon
Chak lè’m ouvè kè’m, m’resevwa yon plon
Yo fini avè’l, yo tout sakrifye’l

[Bridge-Jeff]
Si...
Chak lè ou renmen ou toujou blese
Sonje...
Relasyon trè senp, se nou’k pou jere’l
Si...
Ou jwenn yon moun ki vle viv, kenbe men’l
Pa kite’l, pa kite’l...

[Verse 2-Wendy]
Moun pa’w la pa lwen, moun pa’w la devan je’w la
Dèfwa fò’w ka padone, fèmen je’w sou sa’k deranje’w la
Ap toujou gen plizye chay, ou pap pot yon sèl
Moun pa’w la pap janm jan’w vle’l la, li pap sot nan syèl
Just aplike prensip la e w’ap wè lavi bèl
Tèt ansanm jere relasyon'n, menm lè’l pa finn bèl
Koz w’ap toujou kite on moun ki twonpe’w
Pou’w al rekomanse ak on lòt ki te ak on moun ki te kite’l paske’l pat fidèl

[Chorus-Jeff]
M’te avè’w, ou twonpe’m, m’al pran on lòt
M’vinn renmen ak Betty, li twonpe’m, m’al pran on lòt
M’al pran Rebecca, li twonpe’m, m’al pran on lòt
M’tonbe sou Sophie, yo di’m se madan on lòt
A la fen m’reyalize m’ap tounen an won
Sa fè dizan m’ap renmen, m’pa janm jwenn yon bon
Chak lè’m ouvè kè’m, m’resevwa yon plon
Yo fini avè’l, yo tout sakrifye’l