Reponn-Troubleboy Hitmaker

Genre-Ragga/Rap/Hip-Hop
Year-2018
Lyrics By-Trouble Boy
[Intro]
Non m se Lordwenski Jolissaint
M konnen w ka deteste m
poutèt tenten w tande sou mwen
Pa enkyete w m ap eksize m
Si je m gentan jis nan mayo w
Si m foure je m nan de tete w
Je trouve que t’as des jolie seins.. bon bref
M son neg ki trè dirèk m ap kontwole w trè lontan
M pa vin pran w pou ti jwèt
M konn demach ou jan w pale
M kontwole tout ti jès
Koulè w met pi souvan se woz
Men se mov ki prefere w
ou pa alèz lè w met talon
Ou prefere sandal fant zòtèy
Pa panike w m pap pale fò
M ap vin di w rès yo nan zòrèy dayè
J’adore tes boucles d’oreilles
(Ou genlè fache cheri, m twò dirèk)

[Hook]
Ki sa m fè w
lè m rele w ou pa janm reponn

[Verse 2]
ou resi tande m, montre m gen apresiyasyon
m ap tou di w felisitasyon
m renmen wè ou m renmen tande ou
yo di m ou pa renmen gason
men sa pa gade m cheri
Poukisa w pa gade m
sa pa deranje m, si se chwa pa w
ou met eseye fè l avè m
m ap montre w gen potansyèl
m ap fè w des bagay diferan
m pran w menen w pot nan syèl
m pap juje w, m pap joure w
m ap just anvi w epi m di w sa
menm si w pa vle gason nan vi w
just ban m on night baby alright
aprè si w vle wa bliye sa

[Hook]