Tou Kareman-Alan Cavé

Genre-Konpa
Year-2007
Lyrics By-Syto Cavé
Yeah,
Tou kareman ou enstale w nan vi m

Cheri w fè m mache sou men mwen
Fè m wè lanmou sou tout chimen
Fè m dekouvri sa m'pat konnen
Lò m kwè tout pòt te finn femin
Ou fè soley la retounen
Fè m rejwenn yon kè k' vle chante lavi
Avèk bèl pwezi

Tou karemen, ou enstale w nan vi mwen
Men tou bònman, ou pran plas andan kè mwen

Cheri kenbe mwen san rete
Di m kilè kòk la pral chante
Ki kote la lin lan kache
Kondwi mwen nan peyi k' sanble w
Kote san ap sispann koule
Kote gen bèl amoni lavi, ou kòmanse fleri

Tou karemen, yeah ou enstale w nan vi mwen
Men tou bònman, baby ou pran plas andan kè mwen

Mpap janm sispann di ou mèsi
Pou bèl dezi ke ou banmwen
This love is so, is so crazy
Cheri, chak jou, ou fè m souri, ou fè m soufri
Cheri w banmwen bèl plezi
Fe tout kò m tout tan ap fremi
Cheri san menti, lanmou pa gen pri

Cheri w fè m ap depale

O gad'on lanmou wo k' vinn pou mwen k' revize lage m
Gad'on lanmou wo k' vinn pou mwen k' deside touye m

Ou enstale w nan vi mwen
Ou chita andan kè mwen
Ou mèt fè sa w pi pito
Ou se pi bèl kado Bondye te ka banmwen

Ou enstale w nan vi mwen
Ou chita andan kè mwen
Ou fè mwen anvi rele
Ou fè mwen anvi kriye

Gad'on lanmou wo k' vinn pou mwen k' revize lage m
Gad'on lanmou wo k' vinn pou mwen k' deside touye m

Ou enstale w nan vi mwen
Ou chita andan ke mwen
Ou mèt fè sa w pi pito
Pi bèl kado Bondye banmwen

[Keyboard solo]

Menm si mwen pè, mwen kwè nan bonè chak jou w banmwen,
chak jou w pote bèl fanm o, nan vi mwen
Cheri se avè w map rete ou mèt enstale w, pa bezwen enketwete w,
ou la pou tout tan bèl fanm o, nan vi mwen

Ou enstale w nan vi mwen
Ou chita andan ke mwen
Ou mèt fè sa w pi pito
Ou se pi bèl kado Bondye banmwen
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016