Yon Sèl Mennaj-Djakout #1

Genre-Konpa
Year-2017
Gade kijan m poze
Ak yon sèl mennaj
Gade kijan m tempo
Ak yon sèl mennaj
Gade kijan m relax

Mwen pa nan lari ankò

[Verse 1]
Aprè dènye kou ke mwen pran nan vi m
Mwen mache di lanmou se yon krim
Mwen pa gen dwèt pou m kontwole mennaj
Men gras a ou mwen reprann kouraj
Pou m di trè klè

[Hook]
Yon sèl mennaj pi bon, wi li pi bon
Yon sèl mennaj pi bon
Pa bezwen ni de ni twa
Yon sèl mennaj pi bon, wi li pi bon
Yon sèl mennaj pi bon
Pa bezwen nan twòp traka

[Verse 2]
Yo di fanm deyò pi dous sa se pur inyorans
De twa minit jwisans mete w nan penitans
Yo di yo se gwo player Pase moun nan tintin
Se lè yo pran nan zin yo resi kwè

[Hook]

Epi ti medam mwen yo.. Èske se li l ye
E li l ye
E ti mesye Djakout yo
E li l ye
Ebyen fè mesaj la pase pou mwen

Gade kijan m poze
Ak yon sèl mennaj
Gade kijan m tempo
Ak yon sèl mennaj
Gade kijan m relax

Ebyen nan moman
Mwen poze, tempo, m relax
Epi , baw

[Keyboard]
Ou pa egare

M santi m libere
Oh oh oh

Ti medam yo te pran m pou vagabond
Se kè yo tout ki sote
Lè yo wè m ap byen pase
Ti medam yo te pran m pou vagabond
Gade kijan yo sezi
Lè wè mwen chanje vi
Ti medam yo te pran m pou vagabond
Men se yo tout ka plenyen
Lè yo mwen ap byen mennen

[Keyboard]
Oh oh oh

M pa disponib sou le mache
Pa tchke m, non

[Keytar]
Pa tcheke m
Cheri ann ba yo cho
Waya yo

[Outro]
Gade kijan m poze
Ak yon sèl mennaj
Gade kijan m tempo
Ak yon sèl mennaj
Gade kijan m relax