Brimad-Olivier Martelly

Genre-Konpa
Year-2017
Produced By-Big O Productions
Lyrics By-Olivier Martelly
[Hook]
Chak jou m leve m ap pran brimad
Pou sa m fè ki mal
Pandan gen lòt kap fè pi mal

[Verse 1]
Cherie chak fwa dlo koule nan je w mwen mouri
M wè paradi ouvè devan m lè w souri
Chak fwa m fè w mal mwen regrèt
Ou pa janm lese m ou kenbe tèt ou
Ou fè m konfyans gade sa m remèt ou baby

Cherie I’m sorry

[Verse 2]
Baby padon pou lè w te konn pale m pat konn tande yo
Tout defo ke mwen genyen m prè pou m korije yo
Padon pou lè m tap fè w mal yo
Pou lè m tap fè w pase tray yo baby

[Hook]

[Verse 3]
Tout moun gen dosye
Gen sa k pi anraje, gen sa ki debòde
Tout moun gen dosye
Men se mwen wap gade, sou do m ou vle monte

Lè m gade w, m wè nan je w kòman w vle ankadre m
M vle w ret pre m lè lòt vle antrave m
Si w fache pa kite m al pale
Eskize m si m blese w tanpri pa kondane m
M pa mande w pou w bliye le pase
Mwen konsyan se mwen fè nou de pa mache
Sa fè mal lè wè kè w ap rache
Tanpri fò w padone cherie non pa lage m

[Keyboard solo]

[Hook]

Tout moun gen dosye
Gen sa k pi anraje, gen sa ki debòde
Tout moun gen dosye
Men se mwen wap gade, sou do m ou vle monte

Sa son konpa Big O

Mwen déjà jije baby
A wi mwen déjà kondane
A wi mwen jije baby
A wi mwen déjà kondane

[Hook]
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016