Lòv-T-Ansyto

Genre-Konpa
Year-2016
Featuring-Badi Kamal
Produced By-T-Ansyto
[Verse 1]
Mwen s on blòdè m ap bat pou m fè bè
M pa gen plis pou m di w ni pou mwen t a ofri w
Men sa ki verite sè ke se ou mwen vle
E lanmou mwen anpil, santiman m pil sou pil
Mwen vle ou nan lavi m

[Chorus]
Paske m pa gen kòb kòb
Mwen ka ba ou lòv lòv lòv

[Verse 2]
Cheri ban m di ou tout sa ki nan fon kè m
Ke mwen damou w se garanti w mèt kwè m
E mwen sense cheri w pa bezwen pè
Se sè l sa m ka ofri ou

[Chorus]

Fèmen je w louvre kè w
cheri

[Keyboard solo]
Kite konpa mache jan w wè l la
Paris chante

Lanmou pi fò n ap kenbe fò

[Guitar solo]
Jerry Express

Lanmou – s on bagay ki frajil
Lanmou – ke nou dwe pwoteje
Lanmou – lè nou jwe fò n pwofite

Mwen pa ka Mennen w Paris men mwen ka fè w souri
M pa ka Mennen w Tour Effeil men m ka Mennen w Citadel
Mwen pa ka Mennen w Dubai men cheri m ka fè anpil bagay

[Keyboard solo]
Alo Chacha kite konpa mache

Lanmou – s on bagay ki frajil
Lanmou – ke nou dwe pwoteje
Lanmou – lè nou jwe fò n pwofite

Jerry Express espre w fè ba yo guitar
Men konpa