Pa Mode-Harmonik

Genre-Konpa
Year-2011
Kite’m di’w
Mw konnen sa ki padon
E mw kwè nan konpasyon
Lavi twò kout, pa gen plas pou trayizon
Se sak fè nou diferan

[PreChorus]
Mw paka mete tèt mw nan plas ou
Se sak evite m fè sa ki pa bon
Pouki w vle ban m' kou pandan m’ap ede w
Eske w’ pa wè siksè m' nan avantaj ou

Sa konn rive, mw anvi louvri bouch mw
Pou’m di oh non oh non
Si ou kwè nan fè sa ki mal
Ou ka fè li pou yon tan
Men w’ pap ka fè’l pou toutan non non

[PreChorus]

[Chorus]
Pa mòde men ki ba w manje
Demen ou ka gen bezwen l'
M’te di w mechanste pa ladann
W’a va suspann fè sak pa sa
Yon jou w’ap fas ak konsyans ou
W’ pap gen pèsòn pou defann ou
Yo di sa’w fè se li ou wè
Zanmi w’ te gentan nan erè
Libere lespri w de sa ki mal
Repanse vi’w pou pa gen remò (bis)

[Solo]

Pa mòde men ki ba w manje
Demen ou ka gen bezwen l'