Ansanm-Gardy Girault

Genre-Other
Year-2016
Featuring-Fwonte
Produced By-Gardy Girault
Lyrics By-Kerns Olibrice
Ok
Fwonte
Santi santi van k ap soufle
N ap kite kite kite l soufle

Kilè yon van lanmou va soufle nan peyi a 
Kilè yon van bonè va soufle nan kè nou 
Kilè yon van chanjman va soufle nan peyi a 
Kilè yon van lespwa va soufle nan kè nou 

Nou bezwen on solisyon 
Nou bezwen yon mirak o 
Nou bezwen on solisyon 
Pou wet peyi a sou bak o 

Se men nan men tèt ansanm 
Kole zepòl pou n ka vanse 
Divizyon eksklizyon 
Sa pap mennen n ankenn kote
M di se men nan men tèt ansanm 
Kole zepòl pou n ka vanse 
Divizyon eksklizyon 
Sa pap mennen n ankenn kote

O o gade yon tèt chaje 
Gade on tèt chaje, gade on tèt chaje o 
Di o o sa k ap ede n pote l 
Sa k ap ede n pote l sa k ap ede n pote l o 

Ayisyen toupatou sa k pase 
Ble e wouj la anlè se sa l ye 
Dyaspora toupatou rasanble 
Flache koulè n, montre koulè n 

Nou bezwen on solisyon 
Nou bezwen yon mirak o 
Nou bezwen on solisyon 
Pou wet peyi a sou bak o 

Se men nan men tèt ansanm 
Kole zepòl pou n ka vanse 
Divizyon eksklizyon 
Sa pap mennen n ankenn kote
M di se men nan men tèt ansanm 
Kole zepòl pou n ka vanse 
Divizyon eksklizyon 
Sa pap mennen n ankenn kote

Mwen di rete makomè sa k ap rive nou konsa 
Mwen di rete mon konpè sa kap rive nou konsa 
Jèn yo fini lekòl yo paka travay, yo paka travay 
Malere ap fè efò yo paka rive, yo paka rive

Gardy Fwonte
Se nou se nou se nou