Joyeux Noel-Orchestre Tropicana D'Haiti

Genre-Konpa
[Verse 1]
Sovè lemond tap ret tann nan te fèt le 25 desanm
Tankou pòv nan yon nich pay tou prè lavil Bètleyèm
Twa maj yo te swiv yon zetwal pou yo te vin adore Kris la
Kote l te ye nan nich pay la, ala yon gran jou
Menm zanj nan syèl la t ap fete ala yon gran jou

[Verse 2]
Mechior Daspar ak Balthazar pwofite okasyon sa
Pote ansan ala yon bèl fèt
Jesus te vini pou li sove nou, fò n toujou sonje
Bèl mesaj li yo pandan n ap chante viv la Noel

[Verse 3]
Mechior Daspar ak Balthazar te ran Kris la omaj
Kretyen kap viv jodya manifeste fwa nou
Jesus te vini pou li sove nou, fò n toujou sonje
Bèl mesaj li yo pandan n ap chante viv la Noel

Vivons en freres c’est noel
Faisons la paix c’est noel
Chantons en Coeur c’est noel
Priyons ensemble c’est noel

Klòch lasonnen an ale selebre – joyeux noel
Men jou a rive nou pral nan reveyon – joyeux noel
Kretyen kon payen se on fè san parèy
joyeux noel (4x)
minwit kretyen c’est l’heure solennelle– joyeux noel
klòch nwèl la sonnen ann ale selebre – joyeux noel
Kretyen kon payen se on fè san parèy
joyeux noel (4x)

ap fè rèl pou yon bebe ki sot nan syèl
li met tout moun an santinèl ala on mèvèy