Ascension-Cruz La

Genre-Konpa
Year-2016
[Verse 1]
Nan media nan tout forum – ak lapè n ape swiv
Tout moun vle genyen rezon, diskisyon pilpasyon
Yo di konpa pa janm pwogrese, yo di konpa fatige
Sa k di mizik nou bouke, yo vle nou amelyore
Li fasil pou nou denonse, argument yo fonde
Cruz la pap dekouraje, ascension nou vize
Salsa gen konbyen lane, panyòl pa mande chanje l
Patrimwan peyi nou bèl, se pou n pwoteje l

[Horn]
Oh se pou nou pwoteje l

Hey hey
An granmoun
Sa se bon konpa, direk la wi

[Kè]
Konpa se pa n se pa n
Yon bèl pwodwi local
Pa koute moun k ap fè n konprann li pa bèl li chaje pwoblèm
Se manti se manti

[Verse 2]
Lè konpa n jwe li fè moun anvi danse
Menm lenmi rekonsilye
Li fè ayisyen bliye, mizè ak tray y ap pase
Oh oh – konpa vole wo li vwayaje
Oh oh oh oh – lè konpa n tonbe se gwo koze
Se pa bèl amoni nou manke
Men pito strikti n pou n amelyore

[Kè]

[Horn]
Van sa, l ap bote tout virus ki anpeche konpa mache, hahaha
Ou pa wè sa
NY city chaje keyboardist wi
Yo ka konn jwe men se pa pase Scooby, woy
Lavil production
Wouy men konpa

Mizik sa se on epifani, konpa direk la imòtèl
Defi pap demoralize n
Nou trase yon ekzanp pou lajenès
C’est l’un de nos soucis nan Cruz La n ap kenbe
Se pou flanbo konpa briye – nan Cruz la n ap kenbe
Pasyon ak detèminasyon – nan Cruz la n ap kenbe
Objetif nou se pou n vole piwo – nan Cruz la, nan Cruz La n ap kenbe

Si w renmen konpa vre, mizik sa sipoze nan playlist ou wi