Lanmou A Distans-5 Etwal

Genre-Konpa
Year-2014
Produced By-James "Ti Lunèt" Momplaisir
[Verse 1]
Cheri m gon bagay pou mwen eksplike w
Pa konn kijan w ap pran sa
L enpòtan, fò m di w sa
Mwen gen pou m ale nan yon lòt peyi
Pou m al chèche lavi, e m ap lèse w isit
Men mwen pa vle w panse ke mwen ap bliye w lè m rive
Pa kriye, pa plere
Lè lanmou ban n defi, se fòs ak kouraj pou n genyen
Pou n konbat, pou n lite

[Verse 2]
Mwen konnen w renmen m, pa gen manti nan sa
Men g on pwovèb ki di “loin des yeux, loin du coeur”
Mwen kontan pou ou, men mwen trè tris pou mwen
Ke w ap kite m dèyè, konn w ap ja abandone m
Yo di lanmou pèdi menm mwa depi li vwayaje nan peyi ki byen lwen
Long distans se pwazon pou tout relasyon amoureuse
Pa gen manti nan sa

[Keyboard solo]
Ti Lunèt
Wo o o o o
5 Etwal
Wo o o o o

[Refrain]
Pa bezwen pè si mwen ale se pa kite nou kite
Bato lanmou nou pa ka fè nofraj paske nou gen gwo vwal
Baby I want you to know, I still love
Love you, still love you

[Verse 3]
Souvan yo di relasyon ak distans s on malè transparan
Si w landann w ap soufri, si w kapab fò w evite l
Yo di fò w evite l
Mwen vle pwouve ke pawòl sa a pa nan jaden lanmou ke nou plante
K ap grandi, ki fè m damou san rete
Cheri ou konnen jan m damou


[Keyboard solo]
New Chapter
Rodney Noel

Wo o o o o
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016