Ansanm-Wendyyy

Genre-Ragga/Rap/Hip-Hop
Year-2016
Featuring-Cute Shishie
It’s magic baby
[Verse 1]
N ap ansanm nan tristès n ap ansanm nan jwa
E pe enpòt desizyon an n ap ansanm nan chwa a
N ap ansanm en esprit en Coeur et en foi
Nou pap ansanm ni de ni twa n ap ansanm on fwa
Kè nou ap chache riches menm si n ansanm kou pòv
Nou pap ansanm pa enterè men n ap ansanm pou love
N ap ansanm pou mwen n ap ansanm pou ou
Nou pap ansanm pou fè moun plezi n ap ansanm pou nou
N ap enseparab, n ap ansanm tankou n te mare
Menm si n pa prete sèman n ap ansanm tankou n te marye
Menm lè de pòch nou a vid n ap ansanm tankou n te pare
N ap ansanm a lenfini, pito n mouri tan pou n ta varye
N ap ansanm nan vye e nan bon moman
Ansanm n ap make listwa bae n ap kreye on gwo roman
N ap ret sou do sou pou tout obstak n ap prepare
E n ap ansanm pou n ri tout sa k vle separe nou
[Hook]
Pale pale, n ap kite yo pale (2x)
S on bann ipokrit pale dèyè do n
Se rezon y ap bann pou n ret ansanm
Yo di m pa sanble ou, m pa merite ou
Tout se rezon y ap bann pou n ret ansanm
[Verse 2]
ansanm avè w m prè pou m fè yo wont
yo konplo pou separe nou yo mèt anpil yo pap janm kont
ansanm avè w m pral fè yo je dou
tout sa k te cho pral ret tou dou ansanm nou pral fè yo jalou
yo prè yo prè pou yo dejwe n
yo prè yo prè pou yo pyeje n
yo prè pou voye dwèt nan je n
men jamè yo pap janm arive separe n
cheri avè w m byen plase avni m byen trase
m jwenn afeksyon e sou kabann pye kase
senti a byen bwase, mwen avè w gen ase
y ap swete n separe e nan je yo n ap byen pase
mwen prè pou m fè tout sakrifis pou ou
pou relasyon n mache
yo mèt di sa yo vle men m se pou ou
[Hook]
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016