Yè Ak Jodi-BIC

Genre-Ragga/Rap/Hip-Hop
Year-2016
Lyrics By-Roosevelt "BIC" Saillant
[Intro]
Haha
Check

[Verse 1]
Mwen pap mete ajenou si se pa priye m ap priye
Dekilakyèl de fènwa, ou pa wè se briye m ap briye
M te tete manman m 9 mwa, m pat sevre avan lè
Pèsonn pa ka ban m may ankò, m pa fèt avanyè
M vin konprann ou pa ka ret chita sou kont pèsonn
Se ou k pou demele janm ou, pèsonn pa kè de pèsonn
E plis ke m vin konnen ke malè pa gen klaksonn
M fè mizik pou m klaksonnen pou sa k pa gen pèsonn
Yè m te yon ti gason, jodi a m son konbatan
Yè m te elèv lekòl, jodi a m ap fè lekòl
Yè se te manman m avèk papa m ki t ap peye lwaye
Jodi a m se yon kontribyab k ap jere fwaye
Yè pa m pa jodi, e jodi pa m pa yè
M pa toutous k ap mache chache vyann kay tayè
Yè m te nan on plas, jodi a mwen pi wo plase
Yè m te mabi cho, jodi a m s on vè ji glase
Yè m te kribich, jodi a mwen se oma
Vin touche m bann sentoma

[Hook]
Yè m te kribich, jodi a mwen se oma
Vin touche m bann sentoma
Yè m te kribich, jodi a mwen se oma

[Verse 2]
Plis ke yè 7 fwa pi bèl ke jodi,
S on lòt rezon pou jèn pitit sòyèt geto travay 7 fwa pi di
Plis ke dimanch pa pi bèl ke lendi,
Jenès Ayiti pa ka kontinye ap vann kredi pou mèkredi
Si yè yo pa te entegre nou, se pa jodi a ke yo pral travay pou enterè nou
Adolesans nou, jenès nou, vyeyès nou nan de pla men nou
Siksè se responsablite nou
Sosyete Ayisyèn la se yon jeng
Mwen wè lou, mwen wè brebi
Mwen wè saj, mwen wè deng
Mwen wè fim ki fini san yo pat gen debi
Mwen wè de twa moun jenere nan mitan yon bann peng
On jèn ki pa gen kontwòl sa k pase yè,
Pa fè kòve ap mande l pou l analize jodi a
Li tankou jump fòmate,
E sa k pi di a, pa sezi si l ap rele Farawon senyè
Alòs kite m kache andan pwezi mwen
Yè m te melankolik, jodi a m ap pran plezi mwen
Gen moun ki swete bato m t ap fè nofraj,
Men depi Titanic fin koule, m vwayaje nan nyaj
Yè yo te pwomèt yo t ap ede m jodi
Men jodi a rive, kounya ya p mande m pou m tann demen
Demen m deja konn sa k pral pase, m wè fim nan deja
Se chat k ap veye mantèg yon chyen ki g on pat kase
M pa nan jwe ankò tande
L’âge amène la mission, jodi a mwen transande
Jèn ti gason ki leve nan Delmas 32
M pa boule etap nan vi m, m pa fè 3 avan 2
Yè m te kribich, jodi a mwen se oma
Vin touche m bann sentoma

[Hook]
Yè m te kribich, jodi a mwen se oma
Vin touche m bann sentoma
Yè m te kribich, jodi a mwen se oma

[Outro]
Haha
On kout mikwo pou tout jèn ki kenbe tèt yo
Yon kout mikwo pou tout jèn ki renmen frè yo
Yon kout mikwo pou tout jèn k ap pwotejè sè yo
Yon kout mikwo pou tout jèn, trak sa a se pou yo
Yon kout mikwo pou tout jèn ki fò nan geto yo
Yon kout mikwo pou tout jèn ki pa vann valè yo
Yon kout mikwo pou jèn ki pa gen salè yo
Yon kout mikwo
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016