Chèche Lanmou-Stanley Pierre

Genre-Konpa
Year-2006
Lyrics By-Massaj
[Verse 1]
Gen de jou ki pase m ape mande sa ki rive
Sa nou te konstate ki jan nou te rankontre
Lanmou n te ka pi bèl doudou Si ke w pat ba l panzou
Gad jodya w pa la, ou lage mwen nan fènwa
Ay, ay

[Hook]
Konsa, konsa konsa
Ah, konsa

[Verse 2]
Jouk li jou doudou m ta va touche sere swinger
Pou n bay lanmou sa on chans Fò n eseye repran nesans
Pou li kapab grandi se pa janmen fè l soufri
Si pa aza ou vle l boujounen lèse l ale pi lwen, pi lwen

[Hook 2]
Ahhh chèche lanmou
Ah ah an twoubadou
[2x]

Gade nou te renmen se pou demen n ka byen – ka byen
Gade Jodi w pa la, kòmsi mwen anba - anba
[2x]

[Hook 2]

[Guitar solo]
I love you
Danse danse

[Hook 3]
Mwen vle chèche lanmou – nou te pèdi l depi kèk jou
Mwen vle pou n kenbe men – se pou bonè n ka boujonnen
[2x]

[Keyboard solo]
Mwen toujou dosil, haha
J-Beatz, chavire
Nòmalman

Oh oh oh oh oh

Konsa konsa – konsa
Konsa konsa – konsa konsa
Konsa konsa
Nenpòt kote ke mwen pase m ap chèche lannou

[Hook 3]