Aprann Konnen-Wanito

Genre-Ragga/Rap/Hip-Hop
Year-2011
[1]
Fo’w viv nan mize pou’w pale de mize eeee
Le’ m di’w mwen grangou ‘w konn ki efe sa fe
Fo’w viv nan lajan pou’w pale de lajan an an an an
Tale nenpot ti kras monnen ka fe’w pantan
Fo’w viv sak lanmou pou’w pale de lanmou ou ou ou
Le’w we’m met ajenouou pap kouri di ke mwen fou
Non’m pa fou… non’m pa fou
Ou ka di’m fou , non ‘m pa fou non’m pa fou
[2]
Fo’w viv nan plasay pou’w konn detay nan kay a a a ay
Si moun nan konn gen raj w’ap evite maryaj
Fok ou mete’w pes pou’w viv avek moun pes e e es
Telman yo gen mes chatiman ka ba’w tres
Fok ou pa gade sou cheve blode sa a a a a
Pou’w gentan kouri di misye se yon bon rasta a a a a
Li ka pa rasta pa rasta
Di’l se rasta a a a a, li ka pa rasta pa rasta
[Refrain]
Fok ou konprann prann prann prann
Pa janm di’w pap aprann prann prann prann
Si se tet ou pou fann fann fann fann
Pou’w mete pou’w mete pou’w mete
[3]
Fo’w viv nan ghetto pouw konn vi neg ghetto o o o
Reyalite lavi yo pa menm ak moun anwo
E ni pa gen dlo’k ka ba yo vant fe mal o o o
2 jou san manje pap deranje trip yo
Yo pa pral nan bal yo pa nan anbyans yo o o o
Dj a pral jwe yo pral nan ti sourit pito o o o
Neg ghetto neg ghetto
Respe pou yo o o o neg ghetto neg ghetto
[4]
Fo’w viv nan banboch pouw vid nan tou de poch o o och
Leve demen maten soulye ou dwat e goch
Ou deside gache avni’w an parabol o o ol
Si’ dekouraje w’anvi kite lekol
Se vye eksperyans ki ka bay vi’w yon sans an an ans
Fo’w viv ak espwa lavi sa s’on ti jwet pasyans
Jwet pasyans jwet pasyans
Ti jwet pasyans, jwet pasyans jwet pasyans

[Refrain]
Fok ou konprann prann prann prann
Pa janm di’w pap aprann prann prann prann
Si se tet ou pou fann fann fann fann
Pou’w mete pou’w mete pou’w mete
[5]
Se tankou yon manje ranje, nou konnen kijan sa danje
Imagine’w pat konnen epi’w gentan voye kiye monte
Se tankou yon tog ki kanpe, ou gentan ap souzestime
Apre yon ti dyalog ou we ere a se nan ou li te ye
Gade’m pa twaze’m ,gade’m pa twaze’m
Se tankou yon manje ranje, nou konnen kijan sa danje
Imagine’w pat konnen epi’w gentan voye kiye monte
Se tankou yon tog ki kanpe, ou gentan ap souzestime
Apre yon ti dyalog ou we ere a se nan ou li te ye
Gade’m pa twaze’m ,gade’m pa twaze’m
[Refrain]
Fok ou konprann prann prann prann
Pa janm di’w pap aprann prann prann prann
Si se tet ou pou fann fann fann fann
Pou’w mete pou’w mete pou’w mete